Èske se pa tout tè a ki pou ou? Silvouplè, annou separe. Si se vè agoch, mwen menm, mwen va ale adwat. Oswa si se adwat, mwen menm, mwen va ale agoch.”
Pou kè yo ka fann, e anpil moun tonbe sou pòtay yo, Mwen te plase nepe klere a devan tout potay yo. Ah! Li fèt pou frape tankou loray; li byen pwenti ak lentansyon fè masak.
Konsa, lè M ap koupe retire nèt de nou, moun dwat yo ansanm ak mechan yo, nan menm fwa, nepe M va rale soti nan fouwo li, kont tout chè soti nan sid jis rive nan nò.
Paske Mwen va voye epidemi ak bèt pou ravaje chan l. San ap koule nan ri li yo. Sila ki blese yo va tonbe nan mitan li, e nepe va antoure l tout kote. Konsa, yo va konnen ke Mwen se SENYÈ a.