Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Ezekyèl 21:12 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

12 Kriye fò e rele anmwey, fis a lòm; paske li kont pèp Mwen an, li kont tout prens Israël yo. Yo vin livre a nepe a avèk pèp Mwen an. Akoz sa, frape kwis ou.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

12 Ou menm, nonm o! Rele kont rele ou! Rele byen fò. Se pou pèp mwen an y'ap pare nepe a, pou tout chèf pèp Izrayèl yo. Yo pral touye yo ansanm ak tout pèp mwen an. Pran lapenn pou yo!

参见章节 复制




Ezekyèl 21:12
17 交叉引用  

Akoz sa, tout men yo va tonbe san fòs e kè a tout moun va fann.


Kriye fò, nou menm k ap fè bèje yo; rele anmwey! Woule kò nou nan sann, nou menm ki mèt a bann mouton yo; paske jou a masak nou yo ak egzil la fin rive, e nou va tonbe kon veso pi chwazi a.


Yo va vin kriye fò ak lajwa sou wotè a Sion yo, e yo va gen kè kontan nèt sou bonte SENYÈ a, sou sereyal ak diven tounèf, ak lwil e sou jenn a bann mouton an ak twoupo a. Nanm yo va tankou yon jaden wouze. Yo p ap janm soufri tristès ankò.


Paske lè m te retounen, mwen te repanti. Epi apre mwen te enstwi. Mwen te frape pwòp kwis mwen. Mwen te vin wont e twouble menm; paske mwen te pote repwòch jenès mwen.’


Li fèt pou li ta poli, pou yo kab manyen li. Nepe a file e poli, pou plase nan men a sila k ap touye a.


“Paske gen yon tribinal. Kisa pou di si menm baton ki kondanen an pa la ankò?” deklare Senyè BONDYE a.


“Pou sa, ou menm, fis a lòm, pwofetize e bat men ou ansanm. Kite nepe a vin double pou twazyèm fwa a, nepe pou tout sila ak blesi fatal yo. Se nepe pou gran la ki pote yon blesi fatal. Nan chanm yo l ap antre.


“‘Epi ou menm, O nonm mechan an ak blesi fatal la, prens Israël la, ou menm ak jou ki rive a, nan moman pinisyon final lan.


“Pou ou menm, fis a lòm, plenn fò nan gòj ou ak kè kase, ak doulè òrib. Plenn nan gòj devan zye yo, ak kè kase, byen amè.


“‘“Gade byen, chèf Israël yo, yo chak selon fòs pouvwa yo, te nan ou ak bi pou vèse san an.


“Fis a lòm, pwofetize e di: ‘Konsa pale Senyè BONDYE a, “Rele ‘Anmwey! Elas pou jou a!’


“Konsa pale Senyè BONDYE a: ‘Bat men nou, frape pye nou atè e di: “Elas!”, akoz mechanste a tout mal abominab lakay Israël ki va tonbe pa nepe a, gwo grangou ak epidemi yo.


Tout men yo va lage vid e tout jenou yo va vin kon dlo.


Pandan yo t ap frape moun yo e mwen sèl te rete, mwen te tonbe sou figi mwen, mwen te kriye fò pou te di: “Anmwey, Senyè BONDYE! Èske W ap detwi tout retay Israël la pandan W ap vide gwo kòlè ou sou Jérusalem nan?”


Mare senti nou ak twal sak e kriye fò, O prèt yo, Rele anmwey! O sèvitè a lotèl yo, Vin pase nwit lan ak twal sak, chèf sèvitè a Bondye mwen yo. Paske ofrann sereyal la ak ofrann bwason an p ap antre lakay Bondye nou an.


Soufle twonpèt la nan Sion, e sone alam nan sou mòn sen Mwen an! Kite tout moun k ap viv nan peyi a tranble, paske jou SENYÈ a ap vini. Anverite, li vin pwòch.


Pousa, mwen oblije fè dèy e kriye fò. Mwen oblije ale pye atè ak toutouni. Mwen oblije fè lamantasyon tankou chen mawon, plenyen tankou otrich!


跟着我们:

广告


广告