Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Ezekyèl 20:3 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

3 “Fis a lòm, pale ak ansyen Israël yo pou di yo: ‘Konsa pale Senyè BONDYE a: “Èske nou vini la pou mande M konsèy? Jan Mwen viv la,” deklare Senyè BONDYE a: “Nou p ap vin mande M konsèy.’”

参见章节 复制

1998 Haïtienne

3 — Ras Adan! Pale ak chèf fanmi pèp Izrayèl yo. Di yo men mesaj Senyè sèl Mèt la voye di yo: nou vin chache konnen volonte mwen, pa vre! Jan nou konnen mwen vivan an, mwen p'ap kite moun mande mwen anyen. Se mwen menm Senyè sèl Mèt la ki di sa.

参见章节 复制




Ezekyèl 20:3
20 交叉引用  

Sakrifis a mechan an abominab a SENYÈ a; men lapriyè moun dwat yo se gwo plezi Li.


Sakrifis a mechan yo abominab; se konbyen anplis, lè l pote ak movèz fwa.


Sila ki vire zòrèy li pou pa koute lalwa a, menm lapriyè li abominab.


Lè nou vin parèt devan M, kilès ki egzije nou vin foule lakou Mwen an konsa?


Pou sa, lè nou ouvri men nou nan lapriyè, Mwen va kache zye M de nou menm. Wi, menm si nou ogmante lapriyè nou yo, Mwen p ap koute yo. Men nou kouvri ak san.


Malgre yo chache Mwen de jou an jou e te fè gwo lanvi pou konnen chemen Mwen yo, konsi se yon nasyon ki fè ladwati, e ki pa t abandone règleman a Bondye yo. Yo mande Mwen pou fè desizyon ki jis. Yo pran plezi nan pwoksimite Bondye a.


Epi kèk nan ansyen Israël yo te parèt kote mwen e te chita devan m.


Konsa, pawòl SENYÈ a te vin kote mwen. Li te di:


Lè nou ofri ofrann nou yo, lè nou fè fis nou yo pase nan dife, nou ap souye tèt nou ak tout zidòl yo jis rive nan jou sa a. Epi èske nou ta dwe vin mande Mwen konsèy, O lakay Israël? Jan Mwen viv la,” deklare Senyè BONDYE a, Mwen p ap kite nou mande M anyen.


“Men pou ou menm, fis a lòm, sitwayen parèy ou yo ap pale de ou. Akote miray yo ak nan pòtay kay yo, y ap pale youn a lòt, yo chak a frè yo pou di: ‘Vini koulye a pou tande mesaj sila ki sòti nan SENYÈ a.’


Pèp la va kilbite tou egare sòti nan yon lanmè pou rive nan lòt lanmè, e sòti nan nò pou rive menm nan lès; yo va gaye toupatou pou chache pawòl SENYÈ a, men yo p ap jwenn li.


Vwayan yo va wont e divinò yo va nan konfizyon. Anverite, yo tout va kouvri bouch yo akoz Bondye pa reponn.


Men lè li te wè anpil Farizyen avèk Sadiseyen ki t ap vini pou batèm nan, li te di yo: “Men yon bann vipè; kilès ki te di nou chape anba kòlè k ap vini an?


Konsa, li te kòmanse pale avèk foul la ki te sòti avè l pou batèm nan: “Nou menm, nich vipè! Kilès ki te avèti nou sove kite kòlè k ap vini an?


Bondye se lespri, e fòk sa yo ki adore Li, adore L an espri e anverite.”


Lè Saül te fè demann SENYÈ a, SENYÈ a pa t reponn li, ni nan rèv, ni avèk Orim, ni pa pwofèt yo.


跟着我们:

广告


广告