Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Ezekyèl 20:13 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

13 “‘“Men lakay Israël te fè rebèl kont Mwen, nan dezè a. Yo pa t mache nan lalwa Mwen yo, e yo te refize règleman Mwen yo, pa sila, si yon nonm swiv yo, li va viv nan yo. Epi Saba Mwen yo, yo te vin pwofane nèt. Konsa, Mwen te pran desizyon pou vide chalè kòlè Mwen sou yo nan dezè a, pou manje yo nèt.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

13 Men, depi nan dezè a menm, moun Izrayèl yo t'ap kenbe tèt avè m. Yo pa mache dapre lòd mwen ba yo, yo voye prensip mwen yo jete, prensip ki bay lavi depi yon moun swiv yo. Yo pa respekte jou repo m yo menm. Lè sa a, mwen te fè lide pou m te fè yo santi sa m ta ka fè yo lè m move: m te ka disparèt yo tout la nan dezè a.

参见章节 复制




Ezekyèl 20:13
43 交叉引用  

Poukisa ou te meprize pawòl SENYÈ a e fè mal devan zye Li? Ou te fè tonbe Urie, Itit la avèk nepe, ou te pran madanm li kòm madanm ou e ou te touye li avèk nepe a fis Ammon yo.


Pa fè tankou papa zansèt nou yo avèk frè nou yo ki pa t fidèl a SENYÈ a, Bondye a papa zansèt yo, jiskaske li te fè yo parèt tankou yon laperèz etonan, jan nou wè a.


Pou sa a mwen te bay repwòch a moun prensipal Juda yo epi te di yo: “Ki kalite mal nou ap fè la a, lè nou vin degrade jou Saba a?


Koulye a alò, kite Mwen sèl, pou kòlè Mwen kapab briye kont yo, e pou M kapab detwi yo; epi Mwen va fè nan ou menm yon gran nasyon.”


Yo vire byen vit kite chemen ke Mwen te pase lòd ba yo a. Yo fè pou yo menm yon jèn towo fonn, yo adore li, yo fè sakrifis bay li, e yo di: ‘Sa se dye pa ou, O Israël, ki te mennen ou monte kite peyi Égypte la!’”


men nou te neglije tout konsèy mwen yo, e nou pa t vle tande repwòch mwen;


Sila ki meprize lenstriksyon va peye fwe a; men sila ki respekte lòd yo va resevwa rekonpans li.


“Anplis, etranje ki vin atache yo menm a SENYÈ a, pou sèvi Li, pou renmen non a SENYÈ a, pou vin sèvitè Li, yo tout ki pa derespekte Saba a, e ki kenbe fèm sou akò Mwen an;


Men yo te fè rebèl e konsa, yo te fè Lespri Sen Li an vin tris. Akoz sa, Li te vire Li menm, e Li te devni lènmi yo; Li te goumen kont yo pou kont Li.


Sepandan, yo pa t obeyi, ni yo pa t panche zòrèy vè Mwen. Men yo te mache nan pwòp konsèy pa yo, nan tèt di a kè mechan yo, e yo te fè an aryè olye yo fè devan.


Mwen te bay yo lalwa Mwen yo, e te fè yo rekonèt règleman Mwen yo, pa sila, si yon nonm swiv yo, li va viv nan yo.


Men Mwen te aji pou koz non Mwen, pou li pa ta degrade nan zye a nasyon yo, devan zye a sila Mwen te fè yo sòti yo.


akoz yo te rejte règleman Mwen yo e pou lalwa Mwen yo, yo pa t mache ladan yo. Menm Saba Mwen yo, yo te pwofane yo, paske kè yo te tout tan ap mache dèyè zidòl yo.


“‘“Men pitit yo te fè rebèl kont Mwen. Yo pa t mache nan règleman Mwen yo, ni yo pa t fè atansyon pou swiv òdonans Mwen yo, pa sila, si yon nonm swiv yo, li va viv la. Yo te pwofane Saba Mwen yo. Konsa, mwen te pran desizyon pou vide chalè kòlè Mwen sou yo, pou akonpli kòlè Mwen kont yo nan dezè a.


akoz yo pa t swiv òdonans Mwen yo, men te refize tout règleman Mwen yo, te pwofane Saba Mwen yo, e zye yo te sou zidòl a papa zansèt yo.


Jan Mwen te antre nan jijman ak papa zansèt nou yo nan dezè an Égypte la, konsa Mwen va antre nan jijman avèk nou”, deklare Senyè BONDYE a.


“‘“Men yo te fè rebèl kont Mwen, e yo pa t dakò koute Mwen. Yo pa t voye jete bagay abominab a zye yo, ni yo pa t abandone zidòl a Égypte yo. Konsa, Mwen te detèmine pou vide gwo chalè kòlè Mwen sou yo, pou akonpli kòlè Mwen sou yo nan mitan peyi Égypte la.


Ou te meprize bagay sen Mwen yo, e ou pwofane Saba Mwen yo.


Ankò, yo te fè M sa: yo te souye sanktyè Mwen an nan menm jou a, e te pwofane Saba Mwen yo.


Konsa nou va kenbe règleman Mwen yo, ak jijman Mwen yo, pa sila yon nonm kapab viv si li fè yo. Mwen se SENYÈ a.


si, okontrè, nou rejte règleman Mwen yo, si nanm nou rayi òdonans sa yo pou li pa vin akonpli tout kòmandman Mwen yo, e kraze akò Mwen yo,


Paske, peyi a va vin abandone pa yo. Konsa, li va rejwen Saba li yo pandan li rete kon dezè san yo menm nan. Antretan, yo menm va vin aksepte pinisyon pa yo paske yo te rejte òdonans Mwen yo, e nanm yo te rayi règleman Mwen yo.


Konsa pale SENYÈ a: “Akoz de twa transgresyon a Juda yo, menm kat, mwen p ap retire pinisyon an, akoz yo te rejte lalwa SENYÈ a, e yo pa t kenbe règleman Li yo; manti yo te koz yo vin egare, dèyè sila menm papa zansèt yo te mache.


Vrèman, tout mesye ki te wè glwa Mwen ak sign Mwen te fè an Égypte ak nan dezè a, malgre sa, yo vin pase Mwen a leprèv pandan menm dis fwa sa yo, e yo pa t koute vwa M.


Kadav nou yo va tonbe nan dezè sila a, menm tout mesye konte yo, nou tout soti nan ventan oswa plis, ki te bougonnen kont Mwen yo,


“Mete ou lwen kongregasyon sila a, pou Mwen kapab detwi yo kounye a menm.” Yo te tonbe sou figi yo.


Sila yo se fanmi a Issacar, selon sila ki te konte nan yo, se te swasann-kat-mil-twa-san (64,300).


Moïse te ekri ke moun ki pratike ladwati ki baze sou Lalwa a ap viv pa jistis sila a.


Paske mwen konnen rebelyon nou ak kou rèd nou. Gade byen, pandan mwen toujou vivan avèk nou jodi a, nou te fè rebelyon kont SENYÈ a. Konbyen anplis, konsa, apre mwen fin mouri?


“Sonje, pa bliye jan nou te pwovoke SENYÈ a, Bondye nou an, a lakòlè nan dezè a. Depi jou ke nou te kite peyi Égypte la jiskaske lè nou te rive nan kote sa a, nou tap fè rebèl kont SENYÈ a.


Menm nan Horeb, nou te pwovoke SENYÈ a lakòlè. SENYÈ a te tèlman fache avèk nou ke Li te prèt pou detwi nou.


Donk, sila ki rejte sa a, p ap rejte lòm, men Bondye ki bannou Lespri Sen Li an.


Menm jan ak tout zak ke yo te fè soti nan jou ke M te mennen yo monte soti an Égypte la, jis jodi a—-ke yo te rejte Mwen pou te sèvi lòt dye yo——konsa, y ap fè ou tou.


跟着我们:

广告


广告