Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Ezekyèl 20:1 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

1 Alò, nan setyèm ane, nan senkyèm mwa a, nan dizyèm jou nan mwa a, kèk nan ansyen Israël yo te vin mande SENYÈ a konsèy. Yo te chita devan m.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

1 Lè sa a, se te dizyèm jou nan senkyèm mwa setyèm lanne depi yo te depòte pèp la nan peyi Babilòn. De twa chèf fanmi nan pèp Izrayèl la vin jwenn mwen pou m te ka pale ak Senyè a pou yo. Yo te chita devan m.

参见章节 复制




Ezekyèl 20:1
27 交叉引用  

Alò, Élisée te di a wa Israël la: “Kisa m gen avè w? Ale kote pwofèt a papa ou avèk pwofèt a manman ou yo.” Wa Israël la te reponn: “Non, paske SENYÈ a te rele twa wa sila yo ansanm pou livre yo nan men a wa Moab la.”


Alò, Élisée te chita lakay li a, e ansyen yo te chita avèk li. Epi wa a te voye yon mesye soti nan prezans li; men avan mesaje a te rive kote li, Élisée te di a ansyen yo: “Èske ou wè kijan mesye sa a, fis a yon asasen te voye pou retire pran tèt mwen? Gade, lè mesaje a vini, fèmen pòt la kont li e kenbe pòt la fèmen kont li. Èske se pa son a pye mèt li a ki dèyè li?”


Senyè a te di: “Akoz pèp sa a rapwoche ak pawòl pa yo, e onore Mwen ak lèv yo, men yo retire kè yo byen lwen Mwen, e akoz adorasyon yo pou Mwen fèt pa tradisyon ki aprann pa kè,


Malgre yo chache Mwen de jou an jou e te fè gwo lanvi pou konnen chemen Mwen yo, konsi se yon nasyon ki fè ladwati, e ki pa t abandone règleman a Bondye yo. Yo mande Mwen pou fè desizyon ki jis. Yo pran plezi nan pwoksimite Bondye a.


Souple, mande a SENYÈ a pou nou menm, paske Nebucadnetsar, wa Babylone nan ap fè lagè kont nou. Petèt SENYÈ a va aji avèk nou selon zèv mèvèy Li yo, pou lènmi an rete kò l sou nou.


Konsa, Wa Sédécias te voye retire li. Nan palè li, wa a an sekrè te kesyone l. Li te mande: “Èske gen yon pawòl ki sòti nan SENYÈ a?” Jérémie te reponn: “Wi, genyen!” Epi li te di: “Ou va livre nan men wa a Babylone nan.”


(Sou senkyèm jou nan mwa a, nan senkyèm ane egzil a Wa Jojakin nan,


Konsa, pawòl SENYÈ a te vin kote mwen. Li te di:


Ankò pawòl SENYÈ a te vin kote mwen, nan nevyèm ane, nan dizyèm mwa a, nan dizyèm jou nan mwa a, e te di:


Alò, nan onzyèm ane, nan premye nan mwa a, pawòl SENYÈ a te vin kote mwen. Li te di:


Nan dizyèm ane, nan dizyèm mwa, nan douz nan mwa a, pawòl SENYÈ a te vin kote mwen. Li te di:


Alò, nan venn-setyèm ane, nan premye mwa, nan premye jou nan mwa a, pawòl SENYÈ a te vin kote mwen. Li te di:


Nan onzyèm ane, nan premye mwa, nan setyèm jou nan mwa a, pawòl SENYÈ a te vin kote mwen. Li te di:


Nan onzyèm ane, nan twazyèm mwa, nan premye nan mwa a, pawòl SENYÈ a te vin kote mwen. Li te di:


Nan douzyèm ane, nan douzyèm mwa, nan premye nan mwa a, “pawòl SENYÈ a te vin kote mwen. Li te di:


Nan venn-senkyèm ane egzil nou an, nan kòmansman ane a, nan dizyèm jou nan mwa a, nan katòzyèm ane apre vil la te fin pran an, nan menm jou sa a, men SENYÈ a te sou mwen e Li te mennen mwen la.


Li te vin rive nan sizyèm ane, sou senkyèm jou, nan sizyèm mwa a, pandan mwen te chita lakay mwen ak ansyen a Juda yo ki te chita devan m, ke men Senyè BONDYE a te tonbe sou mwen la.


Epi te kanpe devan yo, swasann-dis lansyen a lakay Israël yo, e Jaazania, fis a Schaphan an, te kanpe nan mitan yo, chak moun ak pwòp veso lansan li, e odè nwaj lansan an a t ap leve.


Yo te voye disip pa yo ansanm avèk Ewodyen yo. Yo te di: “Mèt, nou konnen ke Ou bay verite, e enstwi chemen Bondye a ak verite, san patipri, paske Ou pa pran pati a pèsòn.


Li te gen yon sè yo te rele Marie, ki anplis t ap koute pawòl Senyè a, byen chita nan pye Li.


Konsa apre twa jou, yo te twouve Li nan tanp lan. Li t ap chita pami mèt yo, pou tande yo, e poze yo kesyon.


Pèp la te sòti vin wè sa ki te rive a, e yo te vin kote Jésus. Yo te twouve nonm ki te konn gen dyab la. Li te chita nan pye Jésus, byen abiye, e nan bon tèt li. Yo te vin pè.


“Mwen menm se yon Jwif, fèt a Tarse nan Cilicie, men leve nan vil sila a, edike anba Gamaliel, byen disipline selon lalwa zansèt nou yo, avèk anpil zèl pou Bondye, menm jan ke nou menm ye jodi a.


跟着我们:

广告


广告