Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Ezekyèl 2:5 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

5 Pou yo menm, menm si yo koute oswa pa koute—paske se kay rebèl ke yo ye—yo va konnen ke yon pwofèt te pami yo.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

5 Mwen konnen se yon move ras moun yo ye, tèt yo di. Kit yo koute ou, kit yo pa koute ou, zafè yo! Men y'a konnen te gen yon pwofèt nan mitan yo.

参见章节 复制




Ezekyèl 2:5
20 交叉引用  

Li te rive ke lè Élisée, nonm Bondye a te tande ke wa Israël la te chire rad li, li te voye kote wa a e te di: “Poukisa ou chire rad ou konsa? Koulye a, kite li vin kote mwen e li va konnen ke gen yon pwofèt an Israël.”


Epi wa a te voye Jehudi chache woulo a, e li te retire li nan chanm Élischama, grefye a. Epi Jehudi te li li bay wa a ansanm ak tout ofisye ki te kanpe akote wa a.


“SENYÈ a te pale ak nou, O retay Juda a: ‘Pa ale antre an Égypte!’ Nou ta dwe konprann byen klè ke jodi a, mwen te avèti nou sa.


“Fis a lòm, èske lakay Israël, kay rebèl sa a, pa t di ou: ‘Kisa w ap fè la a?’


“Di koulye a a kay rebèl la, ‘Èske ou pa konnen sa bagay sa yo vle di?’ Di yo: ‘Gade byen, wa Babylone nan te rive Jérusalem, te pran wa ak prens li yo e te mennen yo kote li Babylone.


Men ou va pale pawòl Mwen yo avèk yo, menm si yo koute oswa yo pa koute, paske se rebèl yo ye.


Pale yon parabòl a kay rebèl la pou di yo: ‘Konsa pale Senyè BONDYE a: “Mete chodyè a sou difè a. Mete l, e anplis, vide dlo ladann.


Men si ou te avèti mechan an, e li pa kite mechanste li a, ni chemen mechan li an, li va mouri nan inikite li, men ou delivre nanm ou.”


Mwen va fè lang ou kole anlè bouch ou pou ou vin bèbè e pou ou p ap ka fè yo repwoch, paske lakay yo rebèl.


Men lè M pale ak ou, Mwen va ouvri bouch ou e ou va di yo: ‘Konsa pale Senyè BONDYE a’. Sila ki tande a, kite li tande; epi sila ki refize tande a, kite li refize; paske yo se yon kay rebèl.”


“Pou sa, lè a rive—gade byen, li va rive—alò, yo va konnen ke yon pwofèt te la nan mitan yo.”


Men si ou, bò kote pa ou, ou avèti yon nonm mechan pou vire kite chemen li, e li pa vire kite chemen li an, li va mouri nan inikite li, men ou delivre lavi ou.


Ou va di a sila k ap fè rebèl yo: ‘Senyè BONDYE la di: “Se kont! Sispann fè tout abominasyon nou yo, O lakay Israël.


“Si Mwen pa t vini pou pale avèk yo, yo pa t ap gen peche, men koulye a yo pa gen eskiz pou peche yo.


Paul ak Barnabas te pale avèk gwo kouraj. Yo te di: “Li te nesesè pou pawòl Bondye a ta pale a nou menm avan. Men akoz ke nou refize l, e jije pwòp tèt nou endign pou lavi etènèl la, gade byen n ap vire bò kote pèp etranje yo.


Answit kisa? Si kèk pa t kwè, enkwayans pa yo p ap chanje fidelite Bondye anvè yo. Se pa sa?


跟着我们:

广告


广告