Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Ezekyèl 19:8 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

8 Nasyon yo te atake li tout kote soti nan pwovens yo. Yo te ouvri filè yo sou li. Li te vin kaptire nan twou fòs yo.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

8 Moun lòt nasyon yo leve dèyè l. Moun sòti toupatou nan pwovens bò kote l yo, yo vin voye yon privye sou li. Yo pran l nan pèlen twou yo te pare pou li a.

参见章节 复制




Ezekyèl 19:8
8 交叉引用  

Epi Nebucadnetsar, wa Babylone nan te rive nan vil la pandan sèvitè li yo t ap fè syèj li.


Li va antere ak antèman bourik, trennen e jete deyò pòtay Jérusalem yo.”


Souf lè ki nan nen nou, nou menm ki onksyone de SENYÈ a, te vin kaptire nan twou fòs yo, de sila nou te konn di: “Anba lonbraj li, nou va viv pami nasyon yo”.


Anplis, Mwen va voye filè Mwen sou li e li va vin kenbe nan pèlen Mwen. Konsa, Mwen va mennen li Babylone, nan peyi a Kaldeyen yo. Men li p ap wè l; malgre sa, se la l ap mouri.


Filè Mwen an va kouvri li nèt e li va kenbe nan pèlen an. Epi Mwen va mennen li Babylone e antre nan jijman avèk li selon zak enfidèl ke li te komèt kont Mwen an.


Alò, nasyon yo te tande de li; li te vin kaptire nan twou fòs pa yo, e yo te mennen li ak kwòk, rive nan peyi Égypte.


Li te konnen gran palè yo, e li te devaste vil yo. Peyi a ak tout bèlte li te vin gate nèt, akoz son a gwonde li.


跟着我们:

广告


广告