Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Ezekyèl 19:7 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

7 Li te konnen gran palè yo, e li te devaste vil yo. Peyi a ak tout bèlte li te vin gate nèt, akoz son a gwonde li.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

7 Li demoli fò yo. Li sakaje lavil yo. Chak fwa li gwonde, moun k'ap viv nan peyi a gen kè sote.

参见章节 复制




Ezekyèl 19:7
14 交叉引用  

Farawon Néco te fèmen li nan prizon nan Ribla nan peyi Hamath pou li pa renye Jérusalem, epi li te enpoze sou peyi a yon amann san talan ajan avèk yon talan lò.


Kòlè a wa a se tankou yon lyon k ap rele fò; men favè li se tankou lawouze sou zèb vèt.


Yon moun pòv ki peze malere se tankou gwo lapli ki lave tè a san kite anyen.


“Men zye ou ak kè ou rete sèlman sou richès ki ranmase nan zak malonèt, nan vèse san inosan, nan opresyon ak vyolans.”


Di a pèp peyi a: ‘Konsa pale Senyè BONDYE a konsènan moun ki rete Jérusalem yo nan peyi Israël la: “Yo va manje pen yo ak kè twouble e bwè dlo ak gwo laperèz, akoz peyi yo va depouye nèt de tout bonte li, akoz vyolans a tout moun ki demere ladann yo.


Konsa, li te mache toupatou pami lyon yo. Li te devni yon jenn ti lyon. Li te aprann jan pou kenbe viktim li. Li te devore moun.


Nasyon yo te atake li tout kote soti nan pwovens yo. Yo te ouvri filè yo sou li. Li te vin kaptire nan twou fòs yo.


Gen konplo a pwofèt nan mitan li yo, kon yon lyon voras k ap dechire bèt pou li manje. Yo fin devore nanm moun. Yo te pran trezò presye ak tout bagay chè yo. Yo te fè anpil vèv nan mitan li.


Anplis, Mwen va seche kanal larivyè Nil yo, e vann peyi a pou antre nan men moun mechan yo. Mwen va fè peyi a vin dezole ak tout sa ki ladann pa men etranje yo. Mwen, SENYÈ a, fin pale.”


Sila ki manke lasante yo, nou pa t ranfòse yo. Sa ki malad yo, nou pa t geri yo. Sa ki brize yo nou pa t panse yo. Sa ki gaye yo, nou pa t mennen yo retounen, ni nou pa t chache sa ki pèdi yo. Men ak opresyon e ak severite, nou te domine sou yo.


Nan peyi a, sa va tèren pa li an Israël. Epi prens Mwen yo p ap oprime pèp Mwen an ankò, men yo va kite lakay Israël gen tè selon tribi pa yo.”


Senyè BONDYE a te sèmante pa Li menm, SENYÈ Bondye dèzame yo te deklare: “Mwen rayi awogans a Jacob la, e Mwen deteste sitadèl li yo. Pou sa, Mwen va livre tout vil la ak tout sa ki ladann.”


Tande, O pèp yo, nou tout! Koute, O latè a, ak tout sa ki ladann. Kite SENYÈ Bondye a vin temwen kont nou; SENYÈ a, depi nan tanp sen Li an.


跟着我们:

广告


广告