Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Ezekyèl 18:23 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

23 Èske Mwen pran plezi nan lanmò a mechan yo?” deklare Senyè BONDYE a: “pou M pa pito ke li ta vire kite chemen li an pou viv?”

参见章节 复制

1998 Haïtienne

23 Eske nou kwè mwen ta renmen wè mechan an mouri? Se Senyè sèl Mèt la ki mande sa. Non! Mwen ta pito wè l sispann fè sa ki mal pou l ka viv.

参见章节 复制




Ezekyèl 18:23
18 交叉引用  

Paske anverite, nou va mouri. Se tankou dlo ki gaspiye atè e ki p ap kab ranmase ankò. Men Bondye pa retire lavi, men toujou fè plan pou sila ki ekzile a pa vin jete deyò nèt de Li menm.”


Toupwisan an,—nou pa kab jwenn Li. Li egzalte nan pouvwa Li. Jistis Li ak ladwati Li gran; Li pa janm oprime.


SENYÈ a bay favè a sila ki krent Li yo, sila ki tann lanmou dous Li yo.


Èske Éphraïm se fis Mwen? Èske li se yon pitit ki fè M anpil plezi? Anverite, Mwen te pale kont li souvan, men M sonje l toujou; konsa kè M gen gwo dezi pou li. Anverite, Mwen va fè gras pou li”, deklare SENYÈ a.


Paske se pa ak kè kontan ke Li aflije, oswa pou atriste fis a lòm yo.


Paske Mwen pa pran plezi nan lanmò a okenn moun ki mouri,” deklare Senyè BONDYE a. “Akoz sa, repanti pou viv.”


Pale ak yo: ‘“Jan Mwen viv la,” deklare Senyè BONDYE a: “Mwen pa pran plezi nan lanmò a mechan yo, men pito pou mechan an vire kite chemen li an pou li viv. Retounen, retounen kite chemen mechan nou yo! Poukisa konsa ou ta mouri, O lakay Israël?”’


Kòman Mwen ta kapab lage ou, O Éphraïm? Kòman Mwen ta kapab kite ou ale, O Israël? Kòman Mwen ta kapab fè ou tankou Adma? Kòman Mwen ta kapab aji avèk ou tankou Tseboïm? Kè M vire nèt anndan M; konpasyon Mwen vin anflame.


Se kilès ki yon Bondye tankou Ou, ki padone inikite, e ki bliye zak rebèl a retay pèp eritaj li? Li pa kenbe kòlè li pou tout tan an, akoz Li pran plezi nan lanmou dous Li.


“Menm jan an konsa, Mwen di nou, gen lajwa nan prezans zanj Bondye yo, sou yon sèl pechè ki repanti.”


Men nou te dwe fè fèt, e rejwi, paske frè ou sa ate mouri, e li kòmanse ap viv ankò. Li te pèdi, e koulye a, li retwouve.’”


ki dezire pou tout moun vin sove e vini a konesans a verite a.


Paske jijman va san mizerikòd pou sila ki pa montre mizerikòd la, paske mizerikòd triyonfe sou jijman.


Senyè a pa lan sou pwomès Li, jan kèk moun ta konte sa a, men Li pasyan anvè nou, e Li pa vle pou okenn moun ta peri, men pou tout ta vini a larepantans.


跟着我们:

广告


广告