Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Ezekyèl 17:7 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

7 “‘“Men te gen yon lòt gwo èg ak gwo zèl ak anpil plim. Epi gade byen, lyann sa a te koube rasin li yo vè li menm e te voye branch yo deyò vè li menm soti nan tè kote li te plante a, pou l te ka wouze li.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

7 Te vin gen yon lòt gwo malfini ak gwo zèl byen laj ak anpil plim sou li. Lè sa a, pye rezen an pouse rasin nan direksyon malfini sa a. Li vire tout branch li yo nan direksyon l tou. Li te konprann malfini sa a ta pral wouze l pi byen pase jaden kote l te plante a.

参见章节 复制




Ezekyèl 17:7
7 交叉引用  

Paske akoz kòlè SENYÈ a, tout sa te rive Jérusalem avèk Juda jiskaske Li te jete yo deyò prezans Li. Epi Sédécias te fè rebèl kont wa Babylone nan.


Anba direksyon pa yo, te gen yon lame elit de twa-san-sèt-mil-senk-san ki te kapab fè lagè avèk gwo pouvwa, pou bay wa a soutyen kont lènmi an.


Men li te fè rebèl kont li lè l te voye reprezantan li yo kote Égypte pou yo ta ka ba li cheval ak anpil sòlda. Èske li va reyisi? Èske sila ki fè kalite bagay sa yo va chape? Èske li, anverite, kapab kraze akò a e chape?


Konsa, li te boujonnen e te vin yon lyann ba ki t ap kouvri toupatou ak branch li yo ki te tounen vè li menm, men rasin li yo te rete anba l. Konsa, li te vin yon plant, li te bay boujon e li te pwodwi anpil ti branch.


Li te plante nan bon tè, akote anpil dlo, pou l te ka fè anpil branch ak bay fwi, e vin yon pye rezen byen bèl.”


Dlo te fè l grandi, pwofondè te fè li wo. Ak rivyè li yo, li te tout tan ap vin elaji lizyè li toupatou. Li te voye kanal li yo nan tout pyebwa chan yo.


跟着我们:

广告


广告