Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Ezekyèl 17:5 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

5 “‘“Anplis, li te pran semans peyi a pou te plante li nan yon tè fètil. Li te mete li akote gwo dlo. Li te plase li tankou yon pye sikren.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

5 Lèfini, li pran yon ti plan nan peyi Izrayèl la, li plante l nan yon bon venn tè, toupre yon larivyè ki toujou plen dlo, pou l ka grandi tankou yon pye sikren.

参见章节 复制




Ezekyèl 17:5
12 交叉引用  

Epi wa Babylone nan te fè tonton Jokajin nan, Matthania, wa nan plas li e li te chanje non li an Sédécias.


Pou sa, gwo kantite byen ke yo vin genyen pou mete nan depo, yo pote yo ale sou flèv dlo Arabim nan.


konsa, yo va vin vòltije pami zèb kon bwa akote sous dlo.’


Ou te plante yo. Wi, konsa yo fin pran rasin. Yo grandi. Wi, yo fè fwi. Ou toupre nan lèv yo, men lespri yo lwen W.


Alò, Sédécias, fis a Josias ke Nebucadnetsar, wa Babylone nan, te fè wa nan peyi Juda a, te renye kon wa nan plas a Jeconia, fis a Jojakim nan.


Li te pran youn nan fanmi wa a pou te fè yon akò avè l e te fè l sèmante. Anplis, li te retire pwisan yo nan peyi a,


Li te rache tout ti branch nan pi wo tèt li, e te pote li nan peyi komèsan yo. Li te plase li nan yon vil machann yo.


Konsa, li te boujonnen e te vin yon lyann ba ki t ap kouvri toupatou ak branch li yo ki te tounen vè li menm, men rasin li yo te rete anba l. Konsa, li te vin yon plant, li te bay boujon e li te pwodwi anpil ti branch.


Dlo te fè l grandi, pwofondè te fè li wo. Ak rivyè li yo, li te tout tan ap vin elaji lizyè li toupatou. Li te voye kanal li yo nan tout pyebwa chan yo.


Akoz sa, wotè li te piwo ke tout pyebwa chan yo, e branch li yo te vin anpil e byen long akoz anpil dlo ki te fè l gaye yo.


跟着我们:

广告


广告