Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Ezekyèl 17:16 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

16 “‘Jan Mwen viv la’, deklare Senyè BONDYE a, ‘Anverite, nan peyi wa ki te fè l wa, sèman a sila li te meprize a, e akò a sila li te kraze a; alò, avèk li menm,nan mitan Babylone, li va mouri.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

16 Se mwen menm, Senyè sèl Mèt la, k'ap pale: Jan nou konnen mwen vivan vre a, wa a pral lavil Babilòn, paske li te kase kontra a, li pat respekte kondisyon li te pase ak wa lavil Babilòn lan ki te mete l la pou gouvènen peyi a.

参见章节 复制




Ezekyèl 17:16
25 交叉引用  

Pou sa, wa a te rele Gabawonit yo pou te pale yo. (Alò, Gabawonit yo pa t nan fis Israël yo men yo te nan retay Amoreyen yo e fis Israël yo te fè yon akò avèk yo. Men Saül te chache touye yo nan zèl li genyen pou fis a Juda yo avèk Israël yo.)


Epi wa Babylone nan te fè tonton Jokajin nan, Matthania, wa nan plas li e li te chanje non li an Sédécias.


Paske akoz kòlè SENYÈ a, tout sa te rive Jérusalem avèk Juda jiskaske Li te jete yo deyò prezans Li. Epi Sédécias te fè rebèl kont wa Babylone nan.


nan zye a sila yon vagabon meprize a, men ki bay lonè a sila ki fè lakrent SENYÈ yo; li sèmante a pwòp pèt li, menm lè l fè l mal, e li pa chanje menm;


“Ou pa pou pran non SENYÈ a an ven, paske SENYÈ a p ap kite sila a ki mal sèvi ak non Li an san pinisyon.”


Men si ou refize kite yo ale, m ap frape tout teritwa ou a avèk krapo.


“Sédécias, wa Juda a, ak ofisye pa l yo, Mwen va livre yo nan men lènmi pa yo, nan men a sila k ap chache lavi yo ak nan men a lame Babylone ki te ale kite nou an.


Epi li te avegle zye Sédécias, e te mare li ak braslè an bwonz pou mennen l Babylone.


Anplis, li te avegle zye a Sédécias. Konsa, wa Babylone nan te anprizone l ak braslè an bwonz, te mennen li Babylone, e te mete l nan prizon jis rive jou ke li te mouri an.


Anplis, Mwen va voye filè Mwen sou li e li va vin kenbe nan pèlen Mwen. Konsa, Mwen va mennen li Babylone, nan peyi a Kaldeyen yo. Men li p ap wè l; malgre sa, se la l ap mouri.


“‘Paske konsa pale Senyè BONDYE a: “Mwen va, anplis, fè avèk ou jan ou te fè a, ou menm ki te meprize sèman an, e ki te kraze akò a.


Gade byen, akoz li te plante, èske l ap grandi byen? Èske li p ap fennen nèt toutotan ke van lès ap frape li yo? Li va fennen sou tè a kote li te plante a?”’”


Li te pran youn nan fanmi wa a pou te fè yon akò avè l e te fè l sèmante. Anplis, li te retire pwisan yo nan peyi a,


Epi sa va pou yo kon yon fo divinasyon nan zye yo. Yo te fè sèman solanèl, men li mennen inikite nan memwa yo, pou yo ka vin sezi yo.


Se sèlman pawòl ke yo pale, ak fo sèman pou fè akò. Donk jijman yo pete leve tankou zèb k ap anpwazone nan tras chan yo.


“Konsa, Mwen va vin kote nou pou jijman. Mwen va fè temwen byen rapid kont wangatè yo, kont moun adiltè yo, ak kont sila k ap fè fo temwayaj yo; kont sila k ap oprime ouvriye yo nan salè yo, vèv yo, òfelen yo, sila ki refize bay soutyen yo a etranje yo, ak sila ki pa gen lakrent Mwen yo,” pale SENYÈ, dèzame yo.


Si yon nonm fè yon ve a SENYÈ a, oswa fè yon sèman ki mare li ak yon angajman, li pa pou vyole pawòl li. Li va fè li an akò avèk tout sa ki sòti nan bouch li.


san konprann, san entegrite san lanmou, e san mizerikòd.


epi pou moun imoral ak moun k ap mennen vi gason ak gason, fanm ak fanm yo, e sila ki fè komès esklav ak mantè yo, e sila ki bay fo temwayaj ak tout lòt kalite bagay ki kontrè a bon doktrin yo,


san lanmou, san kapasite pou antann yo, medizan san kontwòl tèt yo, brital, moun ki rayi sa ki bon,


Men kisa nou va fè yo; kite yo viv pou kòlè pa vin sou nou pou ve ke nou sèmante a yo a.”


跟着我们:

广告


广告