Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Ezekyèl 17:13 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

13 Li te pran youn nan fanmi wa a pou te fè yon akò avè l e te fè l sèmante. Anplis, li te retire pwisan yo nan peyi a,

参见章节 复制

1998 Haïtienne

13 Li pran yon moun nan fanmi wa a, li pase kontra avè l, li fè l sèmante pou l toujou soumèt devan li. Li pran tout grannèg ki nan peyi a, li fè yo prizonye, li depòte yo.

参见章节 复制




Ezekyèl 17:13
12 交叉引用  

Anplis, li te fè rebèl kont Wa Nebucadnetsar ki te fè li sèmante fidelite pou Bondye. Men li te fè tèt di, e avèk kè di, li te refize vire vè SENYÈ a, Bondye Israël la.


Nonm pwisan an, gèrye la, jij ak pwofèt la, divinò a ak ansyen an,


Pawòl SENYÈ a te demontre m, epi, gade byen, de panyen fig etranje ki te plase devan tanp SENYÈ a, lè Nebucadnetsar, wa Babylone nan, te fin retire Jeconia, fis a Jojakim nan, wa Juda a, dirijan a Juda yo ak gwo atizan ak bòs fòjewon Jérusalem yo pou te mennen yo Babylone.


( lè Wa Jeconia ak manman rèn nan, ofisye tribinal yo, prens a Juda yo, gwo bòs atizan yo, ak sila ki travay nan metal yo te fin pati Jérusalem.)


Alò, Sédécias, fis a Josias ke Nebucadnetsar, wa Babylone nan, te fè wa nan peyi Juda a, te renye kon wa nan plas a Jeconia, fis a Jojakim nan.


E poutan, yo di: ‘Tankou SENYÈ a viv la’! Anverite y ap fè fo temwayaj.”


“‘Jan Mwen viv la’, deklare Senyè BONDYE a, ‘Anverite, nan peyi wa ki te fè l wa, sèman a sila li te meprize a, e akò a sila li te kraze a; alò, avèk li menm,nan mitan Babylone, li va mouri.


“‘“Anplis, li te pran semans peyi a pou te plante li nan yon tè fètil. Li te mete li akote gwo dlo. Li te plase li tankou yon pye sikren.


“Ou menm, fis a lòm, pwofetize e di: ‘Konsa pale Senyè BONDYE a konsènan fis a Ammon yo e konsènan ‘repwòch’ yo: “Yon nepe, yon nepe fin rale! Li klere pou masak la, pou fè l konsonmen nèt, pou li kapab tankou loray.


Se sèlman pawòl ke yo pale, ak fo sèman pou fè akò. Donk jijman yo pete leve tankou zèb k ap anpwazone nan tras chan yo.


Alò Nachasch, Amonit la te vin monte pou te fè syèj sou Jabès nan Galaad; epi tout mesye Jabès yo te di a Nachasch: “Fè yon akò avèk nou e nou va sèvi ou.”


跟着我们:

广告


广告