Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Ezekyèl 16:7 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

7 Mwen te fè ou vin anpil, tankou plant nan chan yo. Ou te vin grandi, ou te vin wo, e ou te vin rive nan laj pou bèl flè. Tete ou te fòme e cheve ou te grandi. Malgre sa, ou te toutouni e san rad.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

7 Se pou ou grandi tankou yon plant nan jaden. Ou grandi, ou fòme, ou vin yon bèl jenn fi. Tete ou yo te byen kanpe, pwal te pouse sou kò ou. Men, ou te toutouni.

参见章节 复制




Ezekyèl 16:7
28 交叉引用  

anverite Mwen va beni ou anpil. Mwen va miltipliye posterite ou tankou zetwal syèl yo, ak tankou grenn sab lanmè ki arebò lanmè yo, epi posterite ou va posede pòtay lènmi pa yo.


Li te di: “Toutouni mwen te sòti nan vant manman m e toutouni mwen va retounen la. SENYÈ a te bay, e SENYÈ a pran. Beni se non SENYÈ a.”


Paske SENYÈ a te chwazi Jacob pou Li menm, Israël pou pwòp posesyon pa Li.


Li pa t aji konsa avèk okenn lòt nasyon. Selon òdonans Li yo, yo pa konnen yo. Louwe SENYÈ a!


Li te leve yon kòn pou pèp Li a, Lwanj pou tout fidèl Li yo, menm pou fis Israël yo, yon pèp toupre Li. Louwe SENYÈ a.


Men fis Israël yo te pwodwi anpil, yo te vin miltipliye anpil, e yo te vin trè fò, jiskaske peyi a te vin ranpli avèk yo.


Alò, fis Israël yo te vwayaje soti nan Ramsès rive Succoth, anviwon sis-san-mil òm apye, san kontwole timoun.


Men chak fanm va mande a vwazen li ak fanm ki rete lakay li a pou bay li kèk bagay ki fèt an ajan, avèk kèk bagay ki fèt an lò avèk rad yo. Nou va mete yo sou fis nou ak fi nou yo. Se konsa nou va piyaje Ejipsyen yo.’”


De tete ou tankou de jèn ti antilòp; jimo manman k ap chache manje pami flè lis yo.


Mwen te yon miray e tete mwen te tankou fò yo; konsa, mwen te devni nan zye li kon yon moun ki jwenn lapè.


Nou gen yon ti sè e li pa gen tete menm; kisa n ap fè pou sè nou an nan jou ke yon moun ta vin pale pou l ta fiyanse avè l?


Mwen va rejwi anpil nan SENYÈ a; nanm mwen va rejwi anpil nan Bondyè mwen an, paske Li te abiye mwen ak vètman sali yo. Li te vlope m nan yon manto ladwati, tankou yon jennonm fenk marye dekore kò l ak yon kouwòn; e tankou yon jenn fi maryaj abiye kò l ak bijou.


Anplis, ou va yon kouwòn byen bèl nan men SENYÈ a , e yon dyadèm wayal nan men Bondye ou a.


Ou te pran kèk nan rad ou yo, pou fè pou kont ou wo plas ak plizyè koulè, e te jwe pwostitiye ak yo. Sa a pa ta janm dwe rive, ni li pa p fèt.


Anplis ke tout abominasyon ak pwostitisyon ou yo, ou pa t sonje jou jenès ou yo, lè ou te toutouni, san rad e t ap tòde nan pwòp san ou an.


“‘“Lè m te pase bò kote ou, e Mwen te wè ou t ap tòde nan san ou, Mwen te di ou pandan ou te nan san ou an: ‘Viv’! Wi, Mwen te di ou pandan ou te nan san ou an: ‘Viv’!


sinon M ta chire retire tout rad li pou fè l parèt toutouni menm jan ak jou li te fèt la; pou fè l vin tankou yon peyi dezè e touye li ak swaf.


Men pandan tan a pwomès ke Bondye te pwomèt a Abraham nan t ap pwoche pèp la te vin ogmante e te miltipliye an Égypte,


SENYÈ a, Bondye nou an, te fè nou vin anpil, e gade byen, jodi a nou vin anpil tankou zetwal nan syèl la.


Ke SENYÈ a, Bondye a zansèt nou yo, kapab fè nou vin miltipliye yon mil fwa anplis ke nou ye a, e beni nou jis jan ke li te pwomèt nou an.


Oswa ki gran nasyon ki genyen avèk règleman ak jijman ki dwat tankou sa ke mwen ap mete devan nou jodi a?


跟着我们:

广告


广告