Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Ezekyèl 16:61 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

61 Epi ou va sonje chemen ou yo, e ou va vin wont lè ou resevwa sè ou yo, ni pi gran, ni pi piti. Mwen va bay ou yo kon fi pa w, men pa selon akò ou a.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

61 Ou menm, w'a chonje sa ou te fè, w'a wont lè w'a resevwa gran sè ak ti sè ou yo. M'ap ba ou yo pou pitit fi pa ou malgre sa pat nan kontra a.

参见章节 复制




Ezekyèl 16:61
31 交叉引用  

Jwif yo te etabli e te fè kon koutim yo avèk desandan yo, pou tout sila ki te fè alyans avèk yo, pou yo pa ta manke selebre de jou sa yo selon règ e selon tan ki apwente chak ane.


Mwen te konsidere chemen mwen yo, e te vire pye m vè temwayaj Ou yo.


“Leve zye ou toupatou e gade; yo tout rasanble ansanm; yo vin kote ou. Fis ou yo va vini soti lwen, e fi ou yo va pote nan bra yo.


pou ou ka sonje, vin wont, e pa janm ouvri bouch ou ankò akoz imilyasyon ou, pou lè M te padone ou pou tout sa ou te fè yo,” Senyè, BONDYE a deklare.’”


La, nou va sonje chemen nou yo ak tout zèv yo avèk sila nou te souye tèt nou yo. Epi nou va rayi pwòp tèt nou nan pwòp zye nou pou tout bagay mal ke nou te fè yo.


“Akoz sa, pale ak lakay Israël: ‘Konsa pale Senyè BONDYE a: “Se pa pou koz nou, O lakay Israël, ke Mwen prèt pou aji a, men pou non sen Mwen an, ke ou te pwofane pami nasyon kote nou te ale yo.


“Pou ou menm, fis a lòm, bay detay a tanp lan a lakay Israël, pou yo ka wont de inikite yo; epi kite yo mezire plan an.


Konsa, yo p ap vin rapwoche de Mwen, pou sèvi kon prèt pou Mwen, ni vin rapwoche de okenn nan bagay sen Mwen yo, vè bagay ki sen pase tout lòt yo; men yo va pote wont ak abominasyon ke yo te fè yo.


Nan moman sa a, sila ki te chape yo va sonje Mwen pami nasyon yo kote yo pote kon kaptif yo. A la blese Mwen blese pa kè adiltè yo, ki te vire kite Mwen e pa zye yo, ki te fè pwostitiye dèyè zidòl yo. Yo va rayi tèt yo nan pwòp zye yo pou mechanste ke yo te komèt yo, pou tout abominasyon yo.


“Nou pa t chwazi Mwen, men Mwen te chwazi nou, e te etabli nou pou nou ta kapab pote fwi, e ke fwi sa a ta kapab dire, pou nenpòt sa ke nou mande Papa a, nan non pa M, Li kapab bay nou li.


Konsa, mwen mande: “Yo pa t glise tonbe nèt”? Se pa sa! Sa p ap janm rive konsa! Men pa transgresyon pa yo, sali a gen tan rive a pèp etranje yo pou fè yo jalou.


pou m kapab yon sèvitè Jésus Kris pou pèp etranje yo, pou m fè sèvis kòm yon prèt pou levanjil Bondye a, jis pou ofrann mwen bay pèp etranje yo kapab vin akseptab, e byen sanktifye pa Lespri Sen an.


Pou detaye byen klè, ke pèp etranje yo se eritye egal e manb parèy nan kò a, epi patisipan egal nan pwomès a Kris Jésus a selon levanjil la.


Paske lè sistèm prèt la vin chanje, vin gen nesesite pou yon chanjman lalwa tou.


Lè L te di: “Yon akò tounèf”, Li fè premye a epwize nèt. Men, nenpòt sa ki vin epwize a, e ki vin vye, prè pou vin disparèt.


跟着我们:

广告


广告