Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Ezekyèl 16:53 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

53 “‘“Malgre sa, Mwen va restore kaptivite yo, kaptivite Sodome ak fi li yo, kaptivite Samarie ak fi li yo, e ansanm avèk yo, kaptivite pa w,

参见章节 复制

1998 Haïtienne

53 Senyè a pale ak lavil Jerizalèm, li di l konsa: — M'ap mete yo kanpe ankò, lavil Sodòm ak lavil Samari ansanm ak tout ti bouk ki sou kont yo. Bout pou bout, ou menm tou m'ap mete ou kanpe ankò.

参见章节 复制




Ezekyèl 16:53
21 交叉引用  

SENYÈ a te restore Job ak tout byen li ak pozisyon li lè l te priye pou zanmi li yo, e SENYÈ a te remèt tout sa li te genyen miltipliye de fwa anplis.


Lè SENYÈ a te fè mennen tounen kaptif Sion yo, nou te tankou sila ki fè rèv yo.


O ke sali Israël la ta sòti nan Sion! Lè SENYÈ a restore pèp kaptif li a, Jacob va rejwi, e Israël va gen kè kontan.


O SENYÈ, Ou te montre favè Ou a peyi Ou a. Ou te restore kaptivite a Jacob la.


Amwenske SENYÈ dèzame yo te kite kèk grenn chape viv, nou t ap tankou Sodome, nou t ap sanble ak Gomorrhe.


Epi si, anverite, yo va aprann chemen a pèp Mwen an, pou sèmante pa non Mwen: ‘Kon SENYÈ a viv la’, menm jan ke yo menm te enstwi pèp Mwen an pou sèmante pa Baal yo, yo va vin etabli nan mitan pèp Mwen an.


Men kite nonm sa a vin kon gwo vil ke SENYÈ a te kraze nèt san pitye. Kite li tande gwo kri nan granmmaten ak kri “Anmwey” a midi,


Konsa pale SENYÈ dèzame yo, Bondye Israël la: “Yon fwa ankò, yo va pale pawòl sa a nan peyi Juda ak nan vil li yo lè M fin restore bonè li: ‘Ke SENYÈ a beni ou, O kay ladwati a, O mòn sen an!’


Men pou ou menm, O! Jacob, sèvitè Mwen an, pa gen lakrent, ni pa twouble, O Israël! Paske ou wè, Mwen va sove nou soti lwen, e desandan nou yo soti nan peyi kaptivite yo. Jacob va retounen pou rete san twoub, ansekirite, san pèsòn ki pou fè l tranble.


“Malgre sa, Mwen va restore Moab nan dènye jou yo,” deklare SENYÈ a. Jiska prezan, jijman an rive sou Moab.


‘Men li va vin rive nan dènye jou yo, ke Mwen va restore fòtin Élam yo’, deklare SENYÈ a.”


“Men apre, Mwen va restore fòtin a fis a Ammon yo,” deklare SENYÈ a.


Anplis, sipòte wont ou paske ou te fè jijman an vin favorab pou sè ou yo. Akoz peche nan sila ou te aji pi mal ke yo menm yo, yo vin pi dwat pase ou. Wi, anplis vin twouble nèt e sipòte wont ou an, akoz ou te fè sè ou yo parèt dwat.


pou ou ka pote imilyasyon ou e sanse ou vin wont pou tout sa ou te fè lè ou te devni yon konsolasyon pou yo.


Anplis, fi li yo ki lòtbò pi gwo teren an va vin touye pa nepe e yo va konnen ke Mwen se SENYÈ a.’


Mwen va ranvèse fòtin li yo, e fè yo retounen nan peyi Pathros, nan peyi orijin yo. La, yo va rete yon wayòm ki fèb.


“Pou sa, pale Senyè BONDYE a: ‘Koulye a, Mwen va restore avni a Jacob, e Mwen va gen mizerikòd pou tout lakay Israël, epi Mwen va jalou pou non sen Mwen an.


“Paske gade byen, nan jou sila yo ak nan lè sa a, lè Mwen va restore davni Juda ak Jérusalem,


跟着我们:

广告


广告