Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Ezekyèl 16:4 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

4 Pou nesans ou, nan jou ou te fèt la, kòd lonbrit ou pa t koupe, ni ou pa t lave ak dlo pou vin pwòp. Ou pa t fwote ak sèl, ni menm vlope nan rad.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

4 Jou ou sòti nan vant manman ou lan, yo pat koupe kòd lonbrit ou, yo pat lave ou nan dlo pou yo te pwòpte ou, yo pat fwote ou ak gwo sèl, yo pat menm vlope ou nan moso kòt.

参见章节 复制




Ezekyèl 16:4
18 交叉引用  

Bondye te di Abram: “Konnen byen si ke desandan ou yo va etranje nan yon peyi ki pa pou yo, kote yo va vin esklav, e va oprime pandan kat-san ane.


Gade pou wè, O SENYÈ! Avèk kilès ou te aji konsa? Èske fanm ta dwe manje pwòp pitit pa yo, pitit yo ki te fèt an bòn sante? Èske prèt la ak pwofèt la dwe vin touye nan sanktyè Senyè a?


Ou te rele nou konsi se nan jou a yon fèt etabli, gwo laperèz mwen yo tout kote. Nanpwen moun ki te chape sòti vivan nan jou kòlè SENYÈ a. Sila ke m te fè e leve yo, lènmi m te anile yo nèt.


Di li: ‘Konsa pale Senyè BONDYE a a Jérusalem: “Orijin ou ak nesans ou se te nan peyi Canaan, papa ou se te yon Amoreyen e manman ou yon Etyèn.


“‘“Men lakay Israël te fè rebèl kont Mwen, nan dezè a. Yo pa t mache nan lalwa Mwen yo, e yo te refize règleman Mwen yo, pa sila, si yon nonm swiv yo, li va viv nan yo. Epi Saba Mwen yo, yo te vin pwofane nèt. Konsa, Mwen te pran desizyon pou vide chalè kòlè Mwen sou yo nan dezè a, pou manje yo nèt.


“‘“Men yo te fè rebèl kont Mwen, e yo pa t dakò koute Mwen. Yo pa t voye jete bagay abominab a zye yo, ni yo pa t abandone zidòl a Égypte yo. Konsa, Mwen te detèmine pou vide gwo chalè kòlè Mwen sou yo, pou akonpli kòlè Mwen sou yo nan mitan peyi Égypte la.


sinon M ta chire retire tout rad li pou fè l parèt toutouni menm jan ak jou li te fèt la; pou fè l vin tankou yon peyi dezè e touye li ak swaf.


Paske manman yo te fè pwostitisyon. Li ki te fè yo aji san wont, paske li te di: ‘Mwen va swiv moun ki renmen mwen yo, ki ban m pen ak dlo mwen, lenn ak len mwen, lwil ak bwason mwen.’


Epi sa va yon sign pou nou; nou va twouve yon anfan vlope nan twal, e kouche nan yon manjwa.”


Li te bay nesans a premye fis li, epi li te vlope Li nan twal pou nouvo ne yo. Li te mete Li nan yon manjwa, akoz ke pa t gen plas pou Li nan otèl la.


Nou va sonje ke nou te esklav nan peyi Égypte la, e SENYÈ a, Bondye nou an, te peye ranson nou. Pou sa, mwen kòmande nou sa, jodi a.


‘Mwen se SENYÈ a, Bondye nou an, ki te mennen nou sòti nan peyi Égypte la, andeyò kay esklavaj la.


Josué te di a tout pèp la: “Konsa pale SENYÈ a, Bondye Israël la: ‘Depi nan tan ansyen yo, zansèt nou yo te viv lòtbò Rivyè a. Menm Térach, papa Abraham nan, ak papa a Nachor, te sèvi lòt dye yo.


跟着我们:

广告


广告