Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Ezekyèl 15:4 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

4 Si yo te mete li nan dife la pou brile, dife a fin manje de pwent li e mitan an fin boukannen tounwa. Konsa, èske li ka itil pou yon bagay?

参见章节 复制

1998 Haïtienne

4 Li ka sèvi pou limen dife ase. Dife a boule de bout li yo ansanm ak mitan an. Apre sa, ou pa ka fè anyen avè l ankò.

参见章节 复制




Ezekyèl 15:4
13 交叉引用  

Li fin brile ak dife. Li fin koupe atè nèt. Yo peri ak repwòch devan Ou.


Sila ki pwisan an va devni retay pishpèn. Zèv li yo anplis va tankou etensèl dife. Konsa, y ap brile ansanm e p ap gen moun ki pou fè yo etenn.”


Lè branch li yo vin sèch, yo vin kase yo. Fanm yo va vini pou fè dife avèk yo, paske se yon pèp san konprann. Akoz sa Kreyatè yo a p ap fè konpasyon sou yo. Li ki te fòme yo a p ap bay yo gras.


Èske ou ka retire bwa sou li pou fè yon bagay, oswa èske moun ka fè yon kwòk ak li pou pann veso?


Gade byen, pandan li an bòn fòm nan, li pa itil anyen. Konbyen anmwens lè dife fin manje li e vin boukannen l tounwa a, pou l ka itil pou fè yon bagay!


Pou sa, konsa pale Senyè BONDYE a: “Jan lyann yo pami tout pyebwa forè yo, ke m te bay nan dife pou brile a, se konsa mwen te bay moun ki rete Jérusalem yo.


Dife a fin gaye nan tout branch li yo. Li te konsonmen boujon ak fwi li yo, jiskaske pa t gen ladann yon branch ki dyanm, pou fè baton pou wa a.’ Sa se yon lamantasyon. Konsa, li va sèvi kon yon lamantasyon.”


“Mwen te boulvèse kèk nan nou nèt, jan Bondye te boulvèse Sodome ak Gomorrhe. Nou te tankou yon bout bwa byen cho ki te rache soti nan dife; malgre sa, nou pa t retounen vin jwenn Mwen,” deklare SENYÈ a.


“Paske gade byen, jou a ap vini, byen cho tankou yon founo, lè tout moun ògeye yo ak tout malfektè yo va vin tounen pay vannen. Jou k ap vini an va fin boule yo nèt,” pale SENYÈ Dèzame yo: “jiskaske li pa kite pou yo ni rasin ni branch.


Fouch vannen an deja nan men Li. L ap netwaye glasi a nèt e mete tout ble yo nan depo, men L ap brile tout pay la avèk yon dife ki p ap kapab etenn.”


Si nenpòt moun pa rete nan Mwen, li va jete kon yon branch, e l ap seche. Y ap ranmase yo e jete yo nan dife, epi y ap brile.


Paske Bondye nou an se yon dife k ap devore.


Men si li pote pikan ak zepeng, li san valè e prèt pou vin madichonnen, e fini pa brile.


跟着我们:

广告


广告