Ezekyèl 14:3 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen3 “Fis a lòm, mesye sila yo te fin etabli zidòl pa yo nan kè yo. Yo te mete yo toudwat devan figi yo kon wòch k ap fè moun chite, a pou fè yo tonbe nan inikite yo. Èske Mwen ta menm dwe koute kesyon yo? 参见章节1998 Haïtienne3 — Ras Adan! Moun sa yo lage kò yo bay zidòl nèt. Yo kite zidòl pran nanm yo pou fè yo sa ki mal. Yo met nan tèt yo mwen pral kite yo vin mande mwen konsèy? 参见章节 |
Pou sa, pale ak yo e di yo: ‘Konsa pale Senyè BONDYE a: “Nenpòt moun lakay Israël ki pozisyone zidòl nan kè li, ki mete dwat devan figi l, wòch ki pou fè l tonbe nan inikite li a, e alò, ta vin jwenn pwofèt la, Mwen menm, SENYÈ a, va vin bay li repons sou sijè a, an akòd ak fòs kantite zidòl li genyen yo,
“Paske nenpòt moun lakay Israël, o menm etranje ki vin viv la, ki separe li de Mwen menm, pou l mete zidòl li yo nan kè l, ki vin mete dwat devan figi li, wòch ki pou fè l tonbe nan inikite li a, e alò apre ta rive kote pwofèt la pou mande koze pou pwòp tèt li, Mwen menm, SENYÈ a, Mwen va vin parèt pou bay li repons nan pwòp pèsonaj pa M.