Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Ezekyèl 14:1 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

1 Epi kèk nan ansyen Israël yo te parèt kote mwen e te chita devan m.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

1 Lè sa a, gen kèk chèf fanmi Izrayèl yo ki te vin kote m pou m te fè yo konnen volonte Bondye.

参见章节 复制




Ezekyèl 14:1
13 交叉引用  

Alò, Élisée te chita lakay li a, e ansyen yo te chita avèk li. Epi wa a te voye yon mesye soti nan prezans li; men avan mesaje a te rive kote li, Élisée te di a ansyen yo: “Èske ou wè kijan mesye sa a, fis a yon asasen te voye pou retire pran tèt mwen? Gade, lè mesaje a vini, fèmen pòt la kont li e kenbe pòt la fèmen kont li. Èske se pa son a pye mèt li a ki dèyè li?”


Gadyen an reponn: “Maten an vin pwoche; men osi anplis, nwit lan. Si ou ta vle fè ankèt, fè ankèt. Retounen ankò.”


Senyè a te di: “Akoz pèp sa a rapwoche ak pawòl pa yo, e onore Mwen ak lèv yo, men yo retire kè yo byen lwen Mwen, e akoz adorasyon yo pou Mwen fèt pa tradisyon ki aprann pa kè,


Pawòl SENYÈ a te rive kote mwen. Li te di:


Alò, nan setyèm ane, nan senkyèm mwa a, nan dizyèm jou nan mwa a, kèk nan ansyen Israël yo te vin mande SENYÈ a konsèy. Yo te chita devan m.


“Fis a lòm, pale ak ansyen Israël yo pou di yo: ‘Konsa pale Senyè BONDYE a: “Èske nou vini la pou mande M konsèy? Jan Mwen viv la,” deklare Senyè BONDYE a: “Nou p ap vin mande M konsèy.’”


Yo vin kote ou jan moun konn vini. Yo chita devan ou tankou pèp Mwen an pou yo tande pawòl ou. Men yo pa fè yo. Paske nan bouch, yo renmen, men kè yo ap kouri dèyè pwòp benifis pa yo.


Gade byen, ou vin pou yo tankou yon chan sansyèl ki chante pa yon moun ak yon bèl vwa, byen jwe sou enstriman. Paske yo tande pawòl ou yo, men yo pa pratike yo.


Li te vin rive nan sizyèm ane, sou senkyèm jou, nan sizyèm mwa a, pandan mwen te chita lakay mwen ak ansyen a Juda yo ki te chita devan m, ke men Senyè BONDYE a te tonbe sou mwen la.


Li te gen yon sè yo te rele Marie, ki anplis t ap koute pawòl Senyè a, byen chita nan pye Li.


“Mwen menm se yon Jwif, fèt a Tarse nan Cilicie, men leve nan vil sila a, edike anba Gamaliel, byen disipline selon lalwa zansèt nou yo, avèk anpil zèl pou Bondye, menm jan ke nou menm ye jodi a.


Nan landemen, chèf yo, avèk ansyen ak skrib yo te reyini ansanm nan Jérusalem.


Alò, Pierre ranpli avèk Lespri Sen an, te di yo: “Chèf ak ansyen a pèp la,


跟着我们:

广告


广告