Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Ezekyèl 13:3 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

3 Konsa pale Senyè BONDYE a: “Malè a pwofèt san konprann k ap swiv pwòp lespri pa yo, e ki pa t vrèman wè anyen.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

3 Men mesaj Bondye Sèl Mèt la bay: Madichon pou pwofèt moun tèt loke sa yo! Se yo menm ki fè mesaj y'ap bay la. Yo pa janm fè vizyon vre.

参见章节 复制




Ezekyèl 13:3
21 交叉引用  

Lespri a moun entèlijan an chache konesans; men bouch a moun sòt la, manje foli.


Lang a saj la gen pou mèt, konnesans; men bouch a sila ki manke konprann nan eksprime foli.


“Malè a bèje k ap detwi e gaye mouton patiraj Mwen yo!” deklare SENYÈ a.


Konsa pale SENYÈ dèzame yo: “Pa koute pawòl a pwofèt k ap fè pwofesi devan nou yo. Y ap mennen nou nan bagay ki pou ryen. Yo pale yon vizyon ki sòti nan pwòp imajinasyon pa yo, men pa nan bouch SENYÈ a.


Epi pou pwofèt yo: kè m fin kase anndan m. Tout zo m yo tranble; Mwen vin kon yon moun sou, menm yon moun ki soumèt anba gwòg, akoz SENYÈ a, e akoz pawòl sen Li yo.


Epi Jérémie, pwofèt la, te di a Hanania, pwofèt la: “Koute koulye a, Hanania, SENYÈ a pa t voye ou e ou te fè pèp sa a kwè nan yon manti.


Pwofèt ou yo te wè pou ou vizyon ki te fo; ki te plen foli. Yo pa t dekouvri inikite ou pou restore ou sòti an kaptivite, men yo te wè pou ou vizyon pòt pawòl ki te fo, ki te egare ou.


pou di: “Konsa pale Senyè BONDYE a: ‘Malè a fanm ki koud braslè kon wanga sou tout ponyèt yo e fè vwal yo pou tèt moun tout wotè, pou fè lachas moun! Èske nou va chase nanm a pèp Mwen an, men konsève nanm a lòt yo pou nou menm?


O Israël, pwofèt nou yo te tankou rena pami pil mazi ki fin kraze.


“Fis a lòm, pwofetize kont bèje Israël yo. Pwofetize e di a bèje sila yo: ‘Konsa pale Senyè BONDYE a: “Malè, bèje Israël yo k ap nouri pwòp tèt yo! Èske bèje yo pa dwe bay manje a bann mouton an?


Jou pinisyon yo gen tan rive. Jou jijman yo gen tan rive. Israël va konsidere Pwofèt la kon yon moun fou, moun ki gen gwo limyè a kon plen ak foli, akoz inikite ou yo tèlman vin anpil, e akoz rayisman ou yo vin tèlman gran.


SENYÈ a te di mwen: “Pran ankò pou ou menm, enstriman a yon bèje ki san konprann.


Nou menm bann ensanse, èske Sila ki te fè deyò a, pa t fè anndan an tou?


“Malè a nou menm, avoka yo! Paske yo pran nan men nou kle konesans lan. Nou pa t antre nou menm, e sila ki t ap antre ladann yo, nou te anpeche yo.”


Paske si m preche levanjil la, mwen pa gen anyen pou m ta vante tèt mwen, pwiske mwen anba obligasyon; paske malè a mwen menm si mwen pa preche levanjil la.


li se yon moun ògeye e pa konprann anyen, men li gen yon obsesyon pou poze kesyon diskisyon e fè kont pou mo ki sòti nan lanvi, konfli, jouman, ak sispèk moun mal,


Men yo p ap fè plis pwogrè, paske foli yo va parèt klè a tout moun, jis jan ke foli a Jannès ak Jambrès te osi parèt a klè a.


跟着我们:

广告


广告