Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Ezekyèl 13:17 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

17 Alò, ou menm, fis a lòm, mete figi ou kont fi a pèp ou yo, k ap pwofetize apati pwòp enspirasyon yo. Se pou ou pwofetize kont yo,

参见章节 复制

1998 Haïtienne

17 Senyè a di ankò: — Ras Adan! Koulyeya, vire tèt ou gade nan direksyon medam k'ap fè mesaj yo yo menm nan! Yo pran pòz pwofèt yo nan mitan pèp Izrayèl la! Denonse yo!

参见章节 复制




Ezekyèl 13:17
13 交叉引用  

Pou sa, Hilkija, prèt la, Achikam, Acbor, Schaphan e Asaja te ale kote Hulda, pwofetès la, madanm a Schallum nan, fis a Thikva a, fis a Harhas la, ki te an chaj vètman yo. (Alò, li te rete Jérusalem nan Katye Second lan). Yo te pale avèk li.


Sonje, O Bondye mwen, Tobija avèk Sanballat selon zèv pa yo, e anplis, pwofetès la, Noadia, ak lòt pwofèt ki te eseye fè m pè yo.


lè Senyè a fin lave fè sòti tout salte fi a Sion yo, e pirifye Jérusalem de tout san vèse pou fè l sòti nan mitan li, pa lespri jistis ak lespri brile a.


“Fis a lòm, pwofetize kont pwofèt Israël ki pwofetize. Di a sila kap pwofetize pawòl ki soti nan pwòp enspirasyon pa yo, ‘Koute pawòl SENYÈ a:


“Fis a lòm, mete figi ou vè Théman. Pale fò kont tout sid la, e pwofetize kont peyi forè nan Negev la.


“Fis a lòm, ranje figi ou vè Jérusalem. Pale kont sanktyè yo e pwofetize kont peyi Israël:


Ankò, chache pou ou yon plak an fè, pozisyone li tankou yon miray ki fèt an fè antre ou menm ak vil la e mete fas ou anvè li. Li anba syèj. Konsa ou va mete li anba syèj menm. Sa va yon sign pou lakay Israël.


Anplis te gen yon pwofetès, Anne, fi a Phanuel, ki te nan tribi Aser. Li te avanse nan laj, e li te viv avèk mari li pandan sèt ane apre maryaj la,


Alò, nonm sa te gen kat fi vyèj ki te pwofetès.


Men fo pwofèt yo te osi leve pami pèp la. Menmjan an, va gen fo enstriktè pami nou tou, ki va entwodwi an sekrè fo doktrin destriktif yo, ki menm nye Mèt la ki te ransonnen yo a, e yo pote destriksyon rapid sou tèt yo.


“Men Mwen gen sa kont nou, ke nou tolere fanm Jézabel la, ki rele tèt li pwofetès, e ki ansenye pou fè egare sèvitè Mwen yo, pou yo kab komèt vye zak imoral e manje bagay sakrifye a zidòl.


Alò, Débora, yon pwofetès, madanm a Lappidoth, t ap jije Israël nan tan sila a.


跟着我们:

广告


广告