Ezekyèl 12:3 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen3 “Pou sa, fis a lòm, prepare valiz ou menm pou ou ekzile e antre an egzil nan mitan jounen an kote yo ka wè l byen klè. Nan egzil, ou va deplase yon kote pou rive yon lòt kote devan zye yo. Petèt yo va konprann, malgre se yon kay rebèl yo ye. 参见章节1998 Haïtienne3 Kounyeya, ou menm nonm o! Fè pakèt ou tankou yon moun k'ap kouri pou danje. Pati kite peyi a devan je yo gwo lajounen. W'a fè yo tout wè ou ap pati kite kote ou ye a pou ou ale yon lòt kote ou pa janm konnen! Sa ka fè yo rekonèt jan yo gen tèt di. 参见章节 |