Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Ezekyèl 12:13 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

13 Anplis, Mwen va voye filè Mwen sou li e li va vin kenbe nan pèlen Mwen. Konsa, Mwen va mennen li Babylone, nan peyi a Kaldeyen yo. Men li p ap wè l; malgre sa, se la l ap mouri.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

13 M'ap voye privye mwen dèyè li, m'ap pran l ladan l. Lèfini, m'ap mennen l lavil Babilòn nan peyi moun Kalde yo. Men, l'ap mouri nan peyi sa a san li p'ap janm wè l ak je l.

参见章节 复制




Ezekyèl 12:13
24 交叉引用  

Yon pyèj kache pou li nan tè a, e yon zatrap sou chemen li.


alò, konnen byen ke Bondye te fè m tò, e te fèmen pèlen Li an antoure mwen.


Sou mechan yo, Li va voye chabon cho tankou lapli; dife avèk souf avèk chabon brile va mele nan bwason yo.


Ou te rale nou antre nan filè a. Ou te mete yon fado lou sou ren nou.


“Men tankou move fig etranje ki pa ka manje akoz yo pouri yo—anverite, konsa”, pale SENYÈ a—“Konsa Mwen va abandone Sédécias, wa Juda a, dirijan li yo, retay Jérusalem ki rete nan peyi sa a, ak sila ki rete nan peyi Égypte yo.


Epi konsa, li va pran Sédécias fè l rive Babylone e li va la jiskaske Mwen vizite li,” deklare SENYÈ a. “Malgre nou goumen kont Kaldeyen yo, nou p ap reyisi.”’”


Ou p ap chape nan men l, paske anverite, ou va kapte e va livre nan men l. Konsa, zye ou va wè wa Babylone nan. Li va pale avèk ou fasafas. Se nan Babylone ou prale.”’”


Konsa, Wa Sédécias te voye retire li. Nan palè li, wa a an sekrè te kesyone l. Li te mande: “Èske gen yon pawòl ki sòti nan SENYÈ a?” Jérémie te reponn: “Wi, genyen!” Epi li te di: “Ou va livre nan men wa a Babylone nan.”


Epi li te avegle zye Sédécias, e te mare li ak braslè an bwonz pou mennen l Babylone.


Mwen te poze yon pèlen pou ou e ou menm te kenbe tou, o Babylone. Pandan ou pa t menm konnen, ou tou te dekouvri, ou e te pran, akoz ou te goumen kont SENYÈ a.”


Soti anwo, Li te voye dife antre nan zo m, e lap dominen yo. Li te ouvri yon pèlen pou pye m; Li te fè m vire fè bak. Li te fè m vin dezole, fèb tout lajounen.


Sezisman ak pyèj tonbe sou nou, ravaj ak destriksyon.


Pawòl SENYÈ a te rive eksprè a Ézéchiel, prèt la, fis a Buzi, nan peyi Kaldeyen yo akote rivyè Kebar a; epi la, men SENYÈ a te vini sou li.)


Mete bagaj ou sou zepòl ou devan yo pou yo wè e pote li sòti deyò nan aswè. Ou va kouvri figi ou pou ou pa ka wè peyi a, paske Mwen plase ou kon yon sign pou lakay Israël.”


“‘Jan Mwen viv la’, deklare Senyè BONDYE a, ‘Anverite, nan peyi wa ki te fè l wa, sèman a sila li te meprize a, e akò a sila li te kraze a; alò, avèk li menm,nan mitan Babylone, li va mouri.


Filè Mwen an va kouvri li nèt e li va kenbe nan pèlen an. Epi Mwen va mennen li Babylone e antre nan jijman avèk li selon zak enfidèl ke li te komèt kont Mwen an.


Konsa pale Senyè BONDYE a: “Koulye a, Mwen va ouvri filè Mwen sou ou avèk konpanyen a anpil moun, e nan filè Mwen an, yo va fè ou leve.


Lè yo ale, Mwen va ouvri pèlen Mwen sou yo. Mwen va desann yo tankou zwazo syèl yo. Mwen va bay yo chatiman, jan kongregasyon yo a te tande a.


Paske li va vini kon yon piyej sou tout sila yo ki rete sou fas tout tè a.


跟着我们:

广告


广告