Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Ezekyèl 11:18 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

18 “‘Lè yo vini la, yo va retire tout bagay abominab li yo ak tout abominasyon li yo sòti ladann.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

18 Lè y'a tounen, y'a wete tout vye zidòl y'a jwenn ansanm ak tout vye bagay derespektan ki t'ap fèt nan peyi a.

参见章节 复制




Ezekyèl 11:18
14 交叉引用  

Nou va kraze jete limaj taye nou yo ki kouvri ak yon kouch ajàn, ak limaj an lò fon yo. Nou va gaye yo tankou bagay sal. Nou va di yo: “Retire ou la!”


Premyèman, Mwen va rekonpanse doub tout inikite ak peche yo, akoz yo te fè peyi a pouri nèt. Akoz yo te ranpli eritaj Mwen an ak kadav a zidòl abominab yo, e eritaj Mwen an ak abominasyon pa yo.”


Men pou sila ak kè k ap swiv bagay abominab yo ak abominasyon yo, Mwen va mennen kondwit yo desann sou tèt yo,” deklare “Senyè BONDYE a.”


pou lakay Israël pa egare lwen Mwen ankò, e pou yo pa souye tèt yo ankò ak tout transgresyon yo. Konsa, yo va vin pèp mwen, e Mwen va Bondye yo,” deklare Senyè BONDYE a.”


Yo p ap souye tèt yo ak zidòl yo ankò, ni ak bagay abominab yo, ni ak okenn nan transgresyon yo. Konsa, Mwen va delivre yo de tout abitasyon kote yo te fè peche yo e Mwen va netwaye yo. Yo va pèp Mwen e Mwen va Bondye yo.”


Jan Mwen viv la’, deklare Senyè BONDYE a: ‘Anverite, akoz nou te souye Sanktyè pa M nan ak tout zidòl abominab nou yo, e ak tout abominasyon nou yo, konsa M ap desann nou. Pou sa, Zye m p ap gen pitye, e Mwen p ap epanye pèsòn.


Yo te transfòme bote a òneman pa Li yo pou vin ògèye yo te fè imaj abominasyon yo ak bagay detestab yo avè l. Konsa, Mwen va fè l vin yon bagay abominab pou yo menm.


O Éphraïm! Kisa M gen pou fè ankò ak zidòl? Se Mwen menm ki okipe l; Mwen tankou yon pye siprè byen vèt; nan Mwen, tout fwi ou sòti.”


Nenpòt moun ki saj, kite li konprann bagay sa yo; Sila ki pridan an, kite li konnen yo. Paske, chemen a SENYÈ yo dwat, e moun ladwati a va mache ladan yo; men transgresè yo va glise tonbe nan yo.


kap enstwi nou pou rejte sa ki pa a Bondye ak dezi mond lan pou viv avèk bon rezon, ladwati, ak yon vi fidèl nan tan prezan sila a;


跟着我们:

广告


广告