Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Ezekyèl 11:10 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

10 Nou va tonbe pa nepe. Mwen va jije nou jis rive nan lizyè Israël la. Konsa, nou va konnen ke Mwen se SENYÈ a.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

10 N'ap mouri nan lagè nan mitan peyi nou an. Se la m'ap pini nou. Lè sa a, n'a konnen se mwen menm ki Senyè a.

参见章节 复制




Ezekyèl 11:10
15 交叉引用  

Konsa, Salomon te obsève fèt la nan lè sa a, e tout Israël avèk li, yon gran asanble soti nan antre Hamath jis rive nan ti kouran dlo Égypte la, devan SENYÈ a Bondye nou an, pandan sèt jou e avèk sèt jou anplis, katòz jou nèt.


Li te restore lizyè Israël la soti nan antre Hamath jis rive nan Lamè Araba, selon pawòl SENYÈ a, Bondye Israël la, ki te pale pa sèvitè li Jonas, fis a Amitthaï a nan Gath-Hépher.


Senyè a te leve tèt Li pou yo wè; Li te rann jijman an. Nan zèv a pwòp men Li, mechan an kole nan pwòp pèlen li. Tan


Epi wa Babylone nan te touye fis a Sédécias yo, devan zye l nan Ribla. Anplis, wa Babylone nan te touye tout mesye enpòtan Juda yo.


Men kite sila ki vin ògeye a, vin ògeye nan sa; ke li gen konprann, e li rekonèt Mwen, ke se Mwen se SENYÈ a, ki aji nan lanmou dous, jistis, ak ladwati sou latè a; paske Mwen pran gwo plezi nan bagay sa yo,” deklare SENYÈ a.


Konsa, Mwen va demoli miray ke nou te kouvri ak randisaj la jis rive atè, jis fondasyon li yo fin ekspoze nèt. Epi lè l tonbe, nou va vin manje nan mitan li. Epi nou va vin konprann ke se Mwen ki SENYÈ a.


Anplis, Mwen va chire vwal nou yo, Mwen va delivre pèp Mwen an soti nan men nou, e yo p ap nan men nou ankò pou fè viktim lachas. Konsa, nou va konnen ke Mwen se SENYÈ a.


pou sa, nou p ap fè fo vizyon ankò, ni pratike divinasyon. Mwen va delivre pèp Mwen an sòti nan men nou. Konsa, nou va konnen ke Mwen se SENYÈ a.”


“Konsa, men Mwen va kont pwofèt yo ki fè fo vizyon yo; ki pale divinasyon ki manti yo. Yo p ap gen plas nan konsèy a pèp Mwen an ni yo p ap ekri nan rejis lakay Israël yo. Ni yo p ap antre nan peyi Israël la. Konsa, nou ka konnen ke Mwen se Senyè BONDYE a.”


Sila yo touye yo va tonbe pami nou, e nou va konnen ke se Mwen ki SENYÈ a.


epi teritwa Gibliyen yo avèk tout Liban, vè lès, soti Baal-Gad anba Mòn Hermon jis rive nan Lebo-Hamath.


跟着我们:

广告


广告