Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Ezekyèl 10:22 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

22 Selon sa figi yo te sanble, yo te gen menm figi yo aparans ke mwen te wè akote rivyè Kebar a. Yo chak te ale tou dwat devan.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

22 Figi yo se te menm figi mwen te wè bò larivyè Keba a. Yo chak t'ap mache dwat devan yo.

参见章节 复制




Ezekyèl 10:22
9 交叉引用  

Alò, li te vin rive nan trèzyèm ane, sou senkyèm jou a Katriyèm mwa a, pandan mwen te akote rivyè Kebar a, pami egzile yo, ke syèl yo te louvri, e mwen te wè vizyon a Bondye.


Pou fòm a figi yo a, yo chak te gen figi tankou a yon moun. Toule kat te gen figi a yon lyon adwat, figi a yon towo agoch, e toule kat te gen figi a yon èg.


Epi yo chak te ale tou dwat devan. Nenpòt kote lespri a te prèt pou ale, yo ta ale, san menm vire pandan yo t ap prale a.


Zèl pa yo te jwente youn lòt. Yo pa t vire lè yo te deplase. Yo chak te ale tou dwat devan.


Lè yo te deplase yo, yo te ale nan kat direksyon pa yo, san vire pandan yo t ap prale a. Yo te toujou swiv direksyon kote yo te fikse a, san vire pandan yo t ap prale a.


Chak te gen kat figi, chak te gen kat zèl, e anba zèl yo, se te fòm men moun.


Anplis, Lespri a te leve m monte e te mennen mwen nan pòtay lès lakay SENYÈ a ki te anfas vè lès. Epi gade byen, venn-senk mesye nan antre pòtay la e pami yo, mwen te wè Jaazania, fis a Azzur a ak Pelathia, fis a Benaja a, chèf yo a pèp la.


Epi se te tankou vizyon ke m te fè a, tankou vizyon ke m te fè lè Li te vini pou detwi vil la. Epi vizyon yo te tankou vizyon ke m te fè bò kote rivyè Kebar a; epi mwen te tonbe sou figi m.


Nenpòt moun ki saj, kite li konprann bagay sa yo; Sila ki pridan an, kite li konnen yo. Paske, chemen a SENYÈ yo dwat, e moun ladwati a va mache ladan yo; men transgresè yo va glise tonbe nan yo.


跟着我们:

广告


广告