Nan mitan kreyati vivan yo, te gen yon bagay ki te sanble ak chabon dife, tankou tòch ki t ap file fè ale retou pami kreyati vivan yo. Dife a te klere e loray te vòltije soti nan dife a.
Konsa, se la li te mennen mwen, epi gade byen, te gen yon nonm ak aparans tankou aparans a bwonz, yon lign fisèl fèt ak len ak yon baton apantaj nan men l. Konsa, li te kanpe nan pòtay la.
Anplis, kò li te tankou krizolit, figi li kon aparans ak loray, zye li kon tòch flanm dife, bra li ak pye li tankou bwonz byen poli, e son a pawòl li yo, kon son a yon gran foul.