Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Ezayi 9:9 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

9 Tout pèp la va konnen sa; Éphraïm ak moun ki rete Samarie yo, k ap pale ak awogans e ak ògèy nan kè yo:

参见章节 复制

1998 Haïtienne

9 Tout pèp Izrayèl la, tout moun ki rete lavil Samari yo va konn sa l te di a. Men, yo sitèlman gen lògèy, yo sitèlman awogan, y'ap di:

参见章节 复制




Ezayi 9:9
23 交叉引用  

Michée te di: “Gade byen, ou va wè sa nan jou lè ou antre nan yon chanm a lenteryè pou kache kò w.”


Ògèy ale devan destriksyon e yon lespri ògèy devan moun kap tonbe.


O SENYÈ, men Ou leve wo, men yo pa wè li; men yo va wè zèl Ou pou pèp la e y ap vin wont. Anverite, dife va devore lènmi Ou yo.


Malè a kouwòn ògèy a moun sou ak diven Éphraïm yo, ak flè fane li ki pèdi bèlte ak glwa li. Li menm ki sou tèt vale fètil a sila ki fin sou ak diven yo!


Kouwòn ògèy a moun sou Éphraïm yo va vin foule anba pye.


Koute Mwen, nou menm, moun tèt di, ki lwen ladwati yo!


Akoz Mwen konnen ke tèt ou di, kou ou tankou ba fè, e fwontèn ou tankou bwonz;


Lè rapò a te rive kote lakay David e te di: “Siryen yo te fè kan Éphraïm”, ke Achaz ak kè pèp li te vin ajite tankou bwa forè k ap souke nan van.


SENYÈ a voye yon mesaj rive nan Jacob e li tonbe sou Israël.


“Gade byen, men balkon tè syèj yo fin rive kote vil la pou pran l. Epi vil la fin bay nan men a Kaldeyen ki goumen kont li yo, akoz nepe, ak gwo grangou, avèk ensèk ak maladi ki devaste. Konsa, sa Ou te pale a fin rive. Gade byen, Ou wè l.


Konsa Mwen va egzekite jijman sou Égypte. Konsa, yo va konnen ke Mwen se SENYÈ a.”’”


“Pou sa, lè a rive—gade byen, li va rive—alò, yo va konnen ke yon pwofèt te la nan mitan yo.”


Wa a va fè dèy, prens lan va abiye ak dezespwa, e men a pèp peyi a va pran tranble. Selon kondwit yo, Mwen va aji avèk yo, e selon jijman yo, Mwen va jije yo. Konsa, yo va konnen ke se Mwen ki SENYÈ a.’”


Zye m p ap montre okenn pitye, ni Mwen p ap ralanti. Mwen va rekonpanse ou selon chemen ou yo pandan abominasyon ou yo pami nou. Konsa, ou va konnen ke se Mwen, SENYÈ a, ki fè frap la.


Paske Israël te bliye Kreyatè li. Li te bati palè yo. Konsa, Juda te miltipliye vil fòtifye yo; men Mwen va voye dife sou vil li yo, e konsa, li va devore gwo palè li yo.


Tandiske Edom di: “Yo fin bat nou nèt, men nou va retounen vin bati sou ranblè yo;” konsa pale SENYÈ Dèzame yo: “Yo va bati, men mwen va jete; konsa, moun va rele yo peyi mechan an, e pèp sou sila SENYÈ a fache pou tout tan an.”


“Pawòl nou yo te di kont mwen.” Pale SENYÈ a. “Malgre sa, nou di: ‘Kisa nou te pale kont Ou yo?’


“Paske gade byen, jou a ap vini, byen cho tankou yon founo, lè tout moun ògeye yo ak tout malfektè yo va vin tounen pay vannen. Jou k ap vini an va fin boule yo nèt,” pale SENYÈ Dèzame yo: “jiskaske li pa kite pou yo ni rasin ni branch.


Nou menm, jènjan yo, vin soumèt nou a lansyen yo. Ke nou tout, abiye nou avèk imilite youn anvè lòt, paske: “Bondye opoze a ògeye yo, men Li bay gras a moun enb yo".


跟着我们:

广告


广告