Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Ezayi 8:9 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

9 “Se pou fè bwi, o pèp yo, e vin kraze nèt! Bay zòrèy nou, tout peyi lwen yo. Mare senti nou, malgre n ap fin brize nèt! Abiye pou batay la, malgre n ap brize nèt.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

9 Nou menm, moun tout nasyon yo, manyè konn sa! Nou mèt tranble! Nou menm ki rete nan peyi byen lwen, louvri zòrèy nou! Pare pou nou goumen! Men, konnen nou anba kou! Wi, mwen di nou pare pou nou goumen. Men, konnen nou anba kou!

参见章节 复制




Ezayi 8:9
24 交叉引用  

Epi wa Israël la te reponn li: “Pa kite sila k ap fenk abiye ak boukliye a vante tèt li tankou sila k ap retire l la.”


Anverite, moun mechan an p ap chape anba pinisyon; men desandan a moun dwat yo va delivre.


Akoz sa, pawòl SENYÈ a, yo va: “Lòd sou lòd, lòd sou lòd, liy sou liy, liy sou liy, yon ti kras pa isi, yon ti kras pa la,” pou yo kapab ale, chape glise pa dèyè, vin kraze, pran nan pèlen e vin prizonye.


Epi zanj SENYÈ a te sòti deyò e te frape san-katre-ven-senk-mil lòm nan kan Asiryen yo. Lè moun te leve bonè granmmaten, gade byen, yo tout te mouri.


Si nenpòt moun atake ou, se pa kote M sa va sòti. Nenpòt moun ki atake ou va tonbe akoz ou menm.


Pa pè wa Babylone nan, k ap bannou perèz nan moman sa a. Pa pè l, paske Mwen avèk nou pou sove nou e pou delivre nou de men l.


“Alinye pwotèj ak boukliye e pwoche pre pou batay la.


Sele cheval, e monte sou do yo; pran pozisyon nou ak kas nan tèt! Netwaye tout lans yo, e mete abiman an bwonz!


“Li di: “Ou se baton lagè M ak zam lagè M yo; epi avèk ou, Mwen kraze nasyon yo. Avèk ou, Mwen detwi wayòm yo.


“‘“Prepare ou e rete prepare, ou menm ak tout twoup ki rasanble antoure ou yo. Veye byen sou yo.


Apre anpil jou, ou va vizite. Nan dènye ane yo, ou va vin antre nan teren ki vin restore soti anba nepe a. Moun ki rasanble va soti anpil nasyon pou rive sou mòn Israël yo. Yon kote ki te devni san vale, va soti nan men nasyon yo, e la, y ap viv ansekirite, yo tout.


Tout wa sila yo te reyini. Yo te vin fè kan an ansanm vè dlo a Mérom yo pou goumen kont Israël.


跟着我们:

广告


广告