Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Ezayi 8:22 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

22 Epi konsa, y ap gade vè latè, gade byen, gwo twoub ak fènwa, dezolasyon ak gwo lapèn. Konsa, yo va chase ale nan tenèb.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

22 y'a bese je yo gade atè. Toupatou se va renk kè sere ak fènwa, yon fènwa k'ap fè kè tout moun kase. Y'ap pèdi nan gwo fènwa. Tout moun nan peyi a te mèt gen kè kase, rive yon lè sa gen pou chanje, fènwa a p'ap toujou rete la.

参见章节 复制




Ezayi 8:22
25 交叉引用  

Li bourade pouse lwen limyè a pou rive nan tenèb, e chase jis deyò mond kote moun rete a.


Alò SENYÈ a te di Moïse: “Lonje men ou vè syèl la, pou kapab vin gen tenèb sou tout peyi Égypte la, menm yon tenèb tèlman lou ke yon moun ka santi l.”


Alò Moïse te lonje men l vè syèl la, e te vin gen yon pwofon tenèb nan tout peyi Égypte la pandan twa jou.


Mechan an jete anba pa malfezans li; men moun ladwati a gen sekou lè l mouri.


Pwofesi konsènan bèt nan dezè Midi yo. Atravè yon peyi gwo twoub ak gwo doulè, ladan ki sòti manman lyon ak lyon an, vipè ak sèpan volan an; yo pote gwo kantite byen yo sou do jenn bourik, e trezò yo sou do chamo, pou rive kote yon pèp ki pa kapab bay yo okenn avantaj.


Epi li va gwonde sou li nan jou sa a tankou gwo bri lanmè. Si yon moun anwò dlo ta gade vè latè; men gade, tout fènwa ak gwo twoub. Menm limyè fènwa akoz nwaj li yo.


Gade byen, nou tout ki limen yon dife, ki antoure nou ak tòch ki limen dife yo; mache nan limyè dife nou te fè a, e pami tòch yo nou te lime a. Men sa nou va jwenn nan men Mwen an: Nou va kouche pou fè lamantasyon.


Mwen abiye syèl yo ak fènwa e kouvri yo ak twal sak.”


Akoz sa, lajistis rete lwen nou, e ladwati pa fin rive sou nou. Nou espere jwenn limyè pou klere nou, men nou mache nan fènwa.


Paske gade byen, tenèb va kouvri latè e pwofon tenèb tout pèp yo. Men SENYÈ a va vin leve sou ou, e glwa li va parèt sou ou.


Vire kote lalwa ak akò la! Si yo pa pale selon pawòl sa a, se akoz ke yo pa gen granmaten k ap vini.


Men nanpwen tristès ankò pou sila ki te nan gwo lapèn nan; nan tan pase yo, Li te trete peyi Zabulon ak peyi Nephthali tankou sa ki pa t gen valè; men pi lwen, Li te fè li plenn glwa, pa lòtbò rivyè Jourdain an, Galilée a pèp etranje yo.


Yo manje sou men dwat la, men yo rete grangou; yo manje sou men goch la, men yo pa satisfè. Yo chak manje chè pwòp bra yo.


Bay glwa a SENYÈ a, Bondye nou an, avan li pote fènwa, avan pye nou vin glise tonbe sou mòn k ap plen tenèb yo; pou pandan nou ap tann limyè, Li pa fè l antre nan fènwa lanmò a pou l rive nan tenèb ki san espwa.


Akoz sa, chemen pa yo va yon wout ki glise nan tenèb la; yo va vin chase jis rive nan fènwa e vin glise tonbe ladann; paske Mwen va mennen gwo kalamite sou yo nan ane règleman yo,” deklare SENYÈ a.


“Konsa, wa a te di a sèvitè yo: Mare men li avèk pye li, e jete li deyò nan fon tenèb. Nan plas sa a, va genyen gwo kriye avèk manje dan.


“Men imedyatman apre tribilasyon nan jou sa yo, solèy la va vin nwa. Lalin lan p ap bay limyè, zetwal yo va tonbe sòti nan syèl la, e pouvwa syèl yo va souke.


men fis yo a wayòm lan ap jete deyò nan fon tenèb. E nan plas sa a, yo va rele anmwey e yo va manje dan yo.”


volas lanmè sovaj yo, k ap kimen nan pwòp wont yo tout kalite lenpirite yo; zetwal erann pou kilès tenèb nwa a te rezève jis pou janmen.


Answit, senkyèm zanj lan te vide gode li sou twòn a bèt la, epi wayòm li an te vin tounwa. Konsa, yo te manje pwòp lang yo akoz de doulè a.


跟着我们:

广告


广告