Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Ezayi 8:1 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

1 SENYÈ a te di mwen, pran pou ou yon gwo tablo, e ekri sou li an lèt òdinè: “ rele non l ‘Maher-Schalal-Chasch-Baz’” (Vit se piyaj la e rapid se viktim nan),

参见章节 复制

1998 Haïtienne

1 Senyè a pale avè m', li di m' konsa: — Pran yon gwo wòch plat ak yon biren mason. Ekri pawòl sa yo sou li ak gwo lèt: PRESE PIYE. PRESE DEVALIZE.

参见章节 复制




Ezayi 8:1
11 交叉引用  

Koulye a, ale, ekri li sou yon adwaz devan yo, e enskri li sou yon woulo papye pou l ka sèvi nan tan k ap vini yo. Konsa la sèvi yon temwen jis pou tout tan.


Mare akò la. Sele lalwa pami disip mwen yo.


Pou sa, mwen te pwoche pwofetès la. Li te vin ansent e li te bay nesans a yon fis. Epi SENYÈ a te di mwen: “Bay li non Maher-Schalal-Chasch-Baz.


“Konsa pale SENYÈ a, Bondye Israël la: ‘Ekri tout pawòl ke M te bay ou yo nan yon liv.


“Pran yon woulo e ekri sou li tout pawòl ke M te pale ou konsènan Israël, konsènan Juda, e konsènan tout nasyon yo, depi nan jou ke M te premyèman pale ak ou a, depi nan jou a Josias yo, jis pou rive nan jou sa a.


“Pran ankò yon lòt woulo e ekri sou li tout menm pawòl ki te ekri sou premye woulo ke Jojakim, wa Juda a, te brile a.


Epi Jérémie te pran yon lòt woulo. Li te bay li a Baruc, fis a Nérija a, grefye a, epi li te ekri sou li selon dikte a Jérémie, tout pawòl a liv ke Jojakim, wa Juda a te brile nan dife a; epi anpil pawòl parèy a yo te ajoute nan yo.


Men sajès. Kite sila ki gen bon konprann nan, kalkile chif a bèt la, paske chif la se sa ki pou yon moun. E chif li a se sis-san-swasann-sis.


Epi li te mezire miray li a, swasann-douz mèt, selon mezi a yon moun, sa vle di, yon zanj.


跟着我们:

广告


广告