Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Ezayi 7:8 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

8 Paske tèt Syrie a se Damas, tèt Damas se Retsin (e nan yon lòt swasann-senk ane, Éphraïm va kraze nèt jiskaske li pa menm yon pèp ankò),

参见章节 复制

1998 Haïtienne

8 Poukisa? Lavil Damas se kapital peyi Siri. Rezin se wa lavil Damas. Pou pèp peyi Izrayèl la menm, m pa ba l swasannsenkan ankò, peyi yo a ap fin kraze, yo p'ap yon nasyon ankò.

参见章节 复制




Ezayi 7:8
12 交叉引用  

Li te divize ekip li yo kont yo nan lannwit. Epi li avèk sèvitè li yo te bat yo, e yo te kouri dèyè yo jis rive Choba, ki nan nò Damas la.


Epi David te mete anplasman sòlda pami Siryen Damas yo. Siryen yo te vin soumèt a David e te pote taks obligatwa. Epi SENYÈ a te ede David tout kote li te ale.


yo te pwoche Zorobabel avèk chèf lakay zansèt yo. Yo te di yo: “Annou bati ansanm avèk nou, paske nou, kon ou menm, ap chache Bondye pa ou a. Nou t ap fè sakrifis a Li menm soti nan jou a Ésar-Haddon, wa Assyrie a, ki te mennen nou monte isit la.”


Paske avan tigason an konnen jan pou li kriye: ‘Papa mwen oswa manman mwen’, tout richès Damas ak piyaj Samarie yo va fin pote ale devan wa Assyrie a.”


Akoz sa, SENYÈ a fè leve kont yo advèsè ki sòti Retsin yo e chofe ènmi yo,


Tout pèp la va konnen sa; Éphraïm ak moun ki rete Samarie yo, k ap pale ak awogans e ak ògèy nan kè yo:


Konsènan Damas. “Hamath ak Arpad fè wont nèt, paske yo te resevwa move nouvèl. Yo dekouraje. Kouraj yo ba nèt. Gen enkyetid bò lanmè a; li pa ka kalme.


“‘“Damas te kliyan ou akoz gwo kantite byen ou yo, akoz gwo kantite a tout kalite richès ou yo, akoz diven Helbon an ak len blan an.”


Lè Éphraïm te pale, te gen tranbleman. Li te leve tèt li wo an Israël; men ak Baal, li te fè mal, e li te mouri.


跟着我们:

广告


广告