Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Ezayi 7:3 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

3 Konsa, SENYÈ a te di a Ésaïe: “Sòti la koulye a pou rankontre Achaz, ou menm ak fis ou, Schear-Jaschub, nan pwent kanal la premye ma dlo sou gran chemen ki mennen kote chan Foulon an.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

3 Senyè a di Ezayi konsa: — Pran Chiyachoub, pitit gason ou lan, avèk ou. Al kontre wa Akaz. W'a jwenn li sou wout ap moute bò kote yo konn lave twal ki fèk tenn yo, nan direksyon kannal ki bay dlo nan rezèvwa anwo lavil.

参见章节 复制




Ezayi 7:3
14 交叉引用  

Nan di-setyèm ane a Pékach, fis a Remalia a, Achaz, fis Jotham nan, wa Juda a, te devni wa.


Epi wa Assyrie a te voye Tharthan, Rab-Saris avèk Rabschaké sòti nan Lakis avèk yon gwo lame rive kote Ézéchias Jérusalem. Konsa, yo te monte pou te rive Jérusalem. Epi lè yo te monte, yo te rive e te kanpe kote kanal souteren an, nan ma sous dlo piwo a, ki te sou chemen chan lesiv la.


Alò, tout lòt zèv a Ézéchias yo avèk tout pwisans li ak jan li te fè sous dlo a avèk kanal ki te mennen dlo a nan vil la, èske yo pa ekri nan Liv Kwonik A Wa Juda Yo?


Apre li menm, Néhémie, fis a Azbuk la, chèf a mwatye distri Beth-Tsur a te fè reparasyon yo jis rive anfas tonm a David yo, rive jis nan etan fèt a lamen avèk kay a mesye vanyan yo.


Ale kote Farawon nan maten. Gade byen, l ap antre nan dlo. Plase ou menm pou rankontre li arebò lariviyè Nil lan. Ou va pran nan men ou baton ki te vin tounen sèpan an.


Yon retay va retounen, retay a Jacob la, retounen kote Bondye pwisan an.


Konsa nou te konte kay Jérusalem e nou te detwi kay yo pou ranfòse miray la.


Nou te fè yon rezèvwa antre de miray yo pou dlo a ansyen etan dlo a. Men nou pa t depann sou Li ki te fè l, ni ou pa t fè konsiderasyon de Li ki te fè plan an depi tan ansyen nan.


Konsa, wa Assyrie a te voye Rabschaké sòti Lakis nan Jérusalem vè wa Ézéchias avèk yon gwo lame. Li te kanpe kote kanal la sou gran chemen a ki rele Chan Foule a.


Kite mechan an abandone chemen li an, ak pechè a, panse li yo. Kite li retounen kote SENYÈ a e Li va gen mizerikòd sou li; anvè Bondye nou an, ki pa janm manke mizerikòd.


Sepandan, si genyen yon dizyèm pòsyon ladann, li va osi manje nèt, tankou yon bwa terebinth oswa yon bwadchenn ak chouk ki rete lè l koupe mete atè. Konsa, Semans ki sen se chouk li.”


Konsa pale SENYÈ a: “Ale desann kote kay wa Juda a, e pale pawòl sa a:


Ésaïe te kriye fò pou Israël: “Malgre fis a Israël yo anpil tankou grenn sab lanmè, se yon ti retay ki va sove”.


跟着我们:

广告


广告