24 Moun va vini la ak banza ak flèch yo akoz tout tè a va vin fè raje ak pikan.
24 Si yon moun pa gen zam nan men l, li p'ap ka pase la. Wi, pikan ak raje pral kouvri tout peyi a.
Ebyen, souple pran flèch ou yo avèk banza ou, e ale nan chan pou fè lachas jibye pou mwen.
Se pikan, se zepeng li va fè grandi pou ou; epi ou va manje plant chan an.
Olye de bwa pikan, bwa siprè va leve; olye machacha, bwa jasmen va leve. Sa va sèvi kon yon memoryal a SENYÈ a, kon yon sign k ap dire nèt, ki p ap janm disparèt.
Yo tout va vini fè anplasman sou ravin apik yo, sou ti pla falèz yo, kloti bwa pikan yo ak sou tout sous patiraj bèt yo.
Konsa, li va rive nan jou sa a, ke tout kote ki te konn genyen mil pye rezen, ki te gen valè a mil sik ajan, va vin tounen raje ak pikan.
Tout kolin ki te konn kiltive ak wou yo, nou p ap prale la akoz nou pè raje ak pikan. Li va devni yon kote pou pye bèf ak mouton pou yo foule l nèt.”
Vil kote moun rete yo va vin devaste nèt e peyi a va vin yon dezolasyon. Konsa, ou va konnen ke Mwen se SENYÈ a.”’”