Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Ezayi 7:2 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

2 Lè rapò a te rive kote lakay David e te di: “Siryen yo te fè kan Éphraïm”, ke Achaz ak kè pèp li te vin ajite tankou bwa forè k ap souke nan van.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

2 Yo pote nouvèl bay wa peyi Jida a ansanm ak tout fanmi li. Yo di li: — Lame peyi Siri a gentan anvayi peyi Efrayim. Wa Akaz ansanm ak tout pèp la te sitèlman pè, yo t'ap tranble kou fèy bwa.

参见章节 复制




Ezayi 7:2
28 交叉引用  

Lakay ou ak wayòm ou va dire devan Mwen pou tout tan. Twòn ou an va etabli pou tout tan.”’”


(men li va gen yon tribi pou koz sèvitè Mwen an, David, ak pou koz Jérusalem, vil ke M te chwazi soti nan tout tribi Israël yo),


Lè tout Israël te wè ke wa a pa t koute yo, pèp la te reponn wa a e te di: “Ki pati nou gen nan David? Nanpwen eritaj nan fis Jesse a; Rive nan tant ou yo O Israël! Soti koulye a! Konsa, David, okipe pwòp lakay ou!” Konsa Israël te pati rive nan tant pa yo.


Li te kriye kont lotèl la pa pawòl SENYÈ a. Li te di: “O lotèl, lotèl, konsa di SENYÈ a: ‘Veye byen, yon fis va ne nan kay David la. Josias va non li. Epi sou ou, li va fè sakrifis a prèt ki brile lansan sou ou yo, ak zo Kretyen yo ki va brile sou ou.’”


Konsa, Amatsia te voye yo ale, sòlda ki te rive kote li soti Éphraïm yo, pou rive lakay yo. Akoz sa a, kòlè yo te brile kont Juda e yo te retounen lakay ak gwo kòlè.


Alò, kèk nan chèf a fis Éphraïm yo——Azaria, fis a Jochanan nan, Bérékia, fis a Meschillémoth la, Ézéchias, fis a Schallum nan e Amasa, fis a Hadlaï a——te leve kont sila ki t ap retounen soti nan batay la.


Se nan SENYÈ a ke m kache. Kijan ou kapab di a nanm mwen: “Sove ale kon yon zwazo nan mòn ou;


Mechan yo sove ale lè pa gen k ap kouri dèyè yo; men moun dwat yo gen kouraj kon lyon.


Jalouzi Éphraïm nan va fini, e sila ki twouble Juda va koupe retire nèt. Éphraïm p ap jalou a Juda e Juda p ap twouble Éphraïm.


Konsa, Mwen va mete kle lakay David la sou zepòl li. Lè l ouvri li, pèsòn p ap fèmen l e lè l fèmen l, pèsòn p ap ouvri li.


Akoz sa, moun ki te rete ladann yo te manke fòs. Yo te plen konfizyon ak wont. Yo te tankou zèb chan, tankou zèb vèt, tankou zèb sou twati kay ki fennen avan li fin grandi.


‘Paske Mwen va defann vil sa a pou sove li pou pwòp koz pa M, e pou koz sèvitè Mwen an, David.’”


Sepandan, si genyen yon dizyèm pòsyon ladann, li va osi manje nèt, tankou yon bwa terebinth oswa yon bwadchenn ak chouk ki rete lè l koupe mete atè. Konsa, Semans ki sen se chouk li.”


Epi li te di: “Koute koulye a, O lakay David! Èske se yon bagay ki twò piti pou nou menm pou tante pasyans a lezòm, ke nou va tante pasyans a Bondye mwen an tou?


SENYÈ a va mennen fè rive sou nou, sou pèp nou an ak sou lakay papa nou, jou konsi ki pa t janm gen parèy depi jou ke Éphraïm te separe ak Juda a—Wa Assyrie a.


Paske Syrie, Éphraïm ak fis a Remalia yo, te fè plan mechanste kont ou e te di:


“Ou pa dwe di: ‘Konplo’ de tout sa ke pèp sa a rele ‘konplo’ a. Ou pa pou pè sa ke yo menm pè a, ni etone pa li.


Tout pèp la va konnen sa; Éphraïm ak moun ki rete Samarie yo, k ap pale ak awogans e ak ògèy nan kè yo:


O lakay David, konsa pale SENYÈ a: ‘Aji ak jistis chak maten. Delivre moun ki te vòlè devan pouvwa a sila ki te oprime l la, pou gwo kòlè Mwen pa sòti deyò kon dife e brile yon jan pou okenn pa ka etenn, akoz mechanste a zak yo.


Éphraïm manje sou van, e kouri dèyè van lès la. Li kontinye ap ogmante nan manti ak vyolans. Anplis, li fè yon akò ak Assyrie e lwil vin pote an Égypte.


Lè Hérode te tande sa, li te vin twouble, e tout Jérusalem avèk li.


跟着我们:

广告


广告