Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Ezayi 7:19 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

19 Yo tout va vini fè anplasman sou ravin apik yo, sou ti pla falèz yo, kloti bwa pikan yo ak sou tout sous patiraj bèt yo.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

19 Yo pral vin plen falèz yo ak tout twou wòch yo. Yo pral toupatou nan tout raje, nan tout patiray.

参见章节 复制




Ezayi 7:19
11 交叉引用  

Pou sa, SENYÈ a te fè chèf a lame wa Assyrie yo vin parèt kont yo. Yo te kaptire Manassé e te mete l an chenn yo. Yo te mete chenn an bwonz sou pye l, e te mennen li Babylone.


Tout moun va antre nan kav pami wòch yo, ak nan twou tè a, devan gran laperèz SENYÈ a, ak gwo bagay etonnan de majeste Li, lè Li leve pou fè tè a tranble.


pou yo ka antre nan kav wòch ak twou wòch nan falèz yo, pou yo pa parèt devan laperèz SENYÈ, ak gwo bagay etonan a majeste Li a, lè Li leve pou fè latè tranble.


Mwen va gaye gate l nèt. Li p ap koupe ni sèkle ak wou, men pikan ak zepin va vin leve nan li. Anplis, Mwen va pase lòd sou nwaj yo pou lapli pa tonbe ladann.


Olye de bwa pikan, bwa siprè va leve; olye machacha, bwa jasmen va leve. Sa va sèvi kon yon memoryal a SENYÈ a, kon yon sign k ap dire nèt, ki p ap janm disparèt.


Moun va vini la ak banza ak flèch yo akoz tout tè a va vin fè raje ak pikan.


Tout kolin ki te konn kiltive ak wou yo, nou p ap prale la akoz nou pè raje ak pikan. Li va devni yon kote pou pye bèf ak mouton pou yo foule l nèt.”


“Gade byen, Mwen ap voye anpil moun lapèch,” deklare SENYÈ a: “Epi yo va fè lapèch pou yo. Apre sa a, Mwen va voye anpil moun lachas e yo va fè lachas pou yo nan tout kolin ak nan tout kwen nan gwo wòch yo.


Yo va niche pousyè tankou sèpan. Tankou bagay k ap ranpe sou latè, yo va sòti tou ap tranble nan sitadèl souteren yo. Yo va vin vè SENYÈ Bondye nou an, ak gwo lakrent; konsa, yo va pè devan Ou.


Mwen va soufle pou yo pou yo kab vin rasanble yo, paske Mwen te rachte yo. Konsa, yo va vin anpil, jan yo te ye oparavan an.


Nou ap konnen yo pa fwi yo. Rezen pa janm soti nan raje pikan, ni fig frans nan move zèb.


跟着我们:

广告


广告