Pa vin pote ofrann san valè sa yo ankò; lansan vin abominab devan M. Nouvèl lin ak Saba a, apèl asanble yo— Mwen pa ka sipòte inikite ansanm ak asanble solanèl la.
Alò nan jou sa a, retay Israël la ak sila lakay Jacob ki te chape yo p ap janm depann de sila ki te frape yo, men va anverite depann de SENYÈ a, Sila ki sen an Israël la.
Epi koulye a, yo peche plis toujou, e yo fè pou tèt yo imaj fonn an ajan, menm zidòl yo selon jan yo konprann. Yo tout se zèv a mèt ouvriye yo ye. Yo di a yo menm: “Yo ofri sakrifis imen yo, e bo ti bèf yo!”