Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Ezayi 66:3 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

3 Men sila ki touye yon bèf la, li tankou sila ki touye yon moun nan; sila ki fè sakrifis a yon jenn mouton an, li tankou yon moun ki kase kou a yon chen; sila ki fè ofrann sereyal la, li tankou sila ki ofri san kochon an; sila ki brile lansan an, li tankou sila ki fè beni yon zidòl la. Konsi yo te chwazi pwòp chemen pa yo, e nanm yo pran gwo plezi nan abominasyon yo.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

3 Pou mwen, fè sakrifis yon bèf se tankou sakrifye yon moun. Sakrifye yon mouton se tankou fè sakrifis ak yon chen. Prezante ofrann se tankou ofri san kochon. Boule lansan se pou adore zidòl. Pèp la fè sa yo pito. Yo pran plezi nan fè vye bagay lèd devan Bondye.

参见章节 复制




Ezayi 66:3
19 交叉引用  

Sakrifis a mechan an abominab a SENYÈ a; men lapriyè moun dwat yo se gwo plezi Li.


Sakrifis a mechan yo abominab; se konbyen anplis, lè l pote ak movèz fwa.


Nanpwen moun ki sonje, ni pa gen konesans ni konprann pou l ta di: “Mwen te brile mwatye li nan dife a e anplis, mwen te kwit pen sou chabon li. Mwen boukannen vyann, e mwen manje li. Èske m ap fè rès la vin yon abominasyon? Èske mwen va tonbe ba devan yon bout bwa!”


Nou tout kon mouton, te pèdi chemen nou yo. Nou chak te antre nan pwòp chemen pa nou, men SENYÈ a te fè inikite a nou tout tonbe sou Li.


Akoz inikite gwo lanvi li, Mwen te fè kòlè, e Mwen te frape li. Mwen te kache figi Mwen; Mwen te fache. Konsa li te kontinye regrese nan wout kè l te pran an.


Mwen va ranje desten nou ak nepe, e nou tout va bese devan masak la. Akoz Mwen te rele nou, men nou pa t reponn; Mwen te pale, men nou pa t tande. Epi nou te fè mal devan zye M, e te chwazi sa ki pa t fè m plezi.”


Mwen te louvri men M tout lajounen a yon pèp rebèl, ki mache nan chemen ki pa bon, k ap swiv pwòp panse pa yo,


“Sila ki sanktifye e pirifye tèt pou ale nan jaden yo, k ap swiv moun mitan an, ki manje chè kochon, bagay abominab, ak sourit la, va sispann nèt”, deklare SENYÈ a.


Paske kisa sa sèvi, lansan an ki rive kote Mwen sòti Séba, ak kann dous soti nan yon peyi lwen? Ofrann brile nou yo pa fè M plezi.”


Answit, li va pote li bay fis Aaron yo, prèt yo. Li va pran ladann de men plen nan farin fen ak lwil avèk tout lansan li an. Konsa, prèt la va ofri li nan lafimen kòm yon pati komemoratif la sou lotèl la, yon ofrann pa dife, yon bagay ki santi dous pou SENYÈ a.


Epi Aggée te di: “‘Se konsa pèp sa a ye. Epi se konsa nasyon sa a ye devan Mwen,’ deklare SENYÈ a: ‘Anplis, se konsa tout zèv men yo, ak sa ke yo ofri la yo, vin pa pwòp.


Kochon, paske li divize zago a, men pa remonte manje, li pa pwòp pou nou. Nou pa pou manje anyen nan chè li, ni touche kò mouri yo.


Nou pa pou mennen salè a yon pwostitiye ni frè jounalye a yon chen pede pou antre lakay SENYÈ a, Bondye nou an, pou okenn ofrann ve; paske toude sa yo abominab a SENYÈ a, Bondye nou an.


Ale e kriye fò a dye sila ke nou te chwazi yo. Kite yo menm delivre nou nan tan gwo twoub nou yo.”


Nan jou sa yo, pa t gen wa an Israël. Tout moun te fè sa ki te bon nan pwòp zye pa yo.


Yo te pito dye nèf yo. Konsa, lagè te vin rive nan pòtay yo. Èske gen lans, èske gen nepe, pami karant-mil lòm an Israël yo?


跟着我们:

广告


广告