Ezayi 59:1 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen1 Gade byen, men SENYÈ a pa tèlman kout pou l pa ka sove; ni zòrèy Li pa di pou l pa ka tande. 参见章节1998 Haïtienne1 Non! Se pa paske Senyè a manke fòs kifè li pa vin delivre nou. Se pa paske li soudè kifè li pa tande lè n'ap lapriyè nan pye l. 参见章节 |
Poukisa pa t gen moun lè M te vini an? Lè M te rele a, èske pa t gen moun pou reponn? Èske men M tèlman kout pou li pa ka rachte? Oswa èske Mwen pa gen okenn pouvwa pou rachte moun? Gade byen, Mwen fè lanmè a sèk ak repwòch Mwen; Mwen fè rivyè yo vin dezè. Pwason pa yo gen move sant akoz mank dlo, e yo mouri ak swaf.