Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Ezayi 57:7 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

7 Sou yon gwo mòn byen wo, ou te fè kabann ou. Anplis, se la, ou te monte pou ofri sakrifis.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

7 Nou moute sou yon gwo mòn byen wo pou n'al kouche ak fanm, pou n'al touye bèt nou ofri bay zidòl yo.

参见章节 复制




Ezayi 57:7
12 交叉引用  

“Men vini isit la, nou menm fis a yon manbo, desandan a yon fanm adiltè ak yon pwostitiye.


ni pou pwòp inikite pa yo ak inikite a zansèt yo ansanm”, pale SENYÈ a. “Akoz yo te brile lansan sou mòn yo e te moke M sou kolin yo; pou sa, Mwen va mezire zèv yo te fè, jis rive nan lestonmak yo.”


Paske lontan sa, Mwen te kraze jouk ou a. Mwen te chire kòd mare ou yo. Men ou te di: “Mwen p ap sèvi!’ Paske sou chak kolin ki wo, e anba chak bwa vèt, ou te kouche tankou pwostitiye.


“Leve zye ou pou wè mòn toutouni yo epi gade: “Se ki kote yo pa t kouche ak nou? Akote chemen yo, ou te chita tann yo. Tankou yon Arab nan dezè, ou te pouri peyi a ak pwostitisyon ou ak mechanste ou.


Alò, SENYÈ a te di m nan jou a wa Josias yo: “Èske ou te wè sa ke Israël enfidèl te fè a? Li te monte sou tout kolin ki wo yo e anba tout bwa vèt. La, li te yon pwostitiye.


Ou te pran kèk nan rad ou yo, pou fè pou kont ou wo plas ak plizyè koulè, e te jwe pwostitiye ak yo. Sa a pa ta janm dwe rive, ni li pa p fèt.


“Ke ou te bati pou kont ou yon lotèl, e te fè yon wo plas tout kote.


Ou te bati pou kont ou yon wo plas nan pwent anwo nan tout lari, ou te fè belte ou vin abominab e ou te ouvri janm ou pou tout ale vini pou ogmante pwostitisyon ou an.


Babilonyen yo te vin kote li sou kabann lanmou an e te souye li ak pwostitiye yo. Epi lè li te fin defile ak yo, li te bouke jis li about ak yo.


Ou te chita sou yon sofa byen bèl ak yon tab byen ranje devan l sou sila ou te mete lansan Mwen ak lwil Mwen an.


Nan moman sa a, nou va konnen ke Mwen se SENYÈ a. Lè moun touye pa yo jwenn pami zidòl ki antoure lotèl yo, sou tout kolin ki wo, sou tout tèt mòn, anba tout bwa vèt— kote yo te ofri odè ki santi bon a tout zidòl yo.


跟着我们:

广告


广告