Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Ezayi 57:6 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

6 Pami wòch swa nan ravin nan se pòsyon pa w; pou yo menm ou te voye osò a. Menm pou yo menm, ou te vide yon ofrann bwason. Ou te fè yon ofrann sereyal. Èske M ta dwe ralanti konsènan bagay sa yo?

参见章节 复制

1998 Haïtienne

6 Nou pran kèk gwo wòch galèt nan ravin yo sèvi nou Bondye. Se yo ki tout nou. Nou fè ofrann grenn jaden ak ofrann diven pou yo vide sou yo. Nou konprann bagay konsa ka fè m plezi!

参见章节 复制




Ezayi 57:6
13 交叉引用  

“Men nou menm ki abandone SENYÈ a, ki bliye mòn sen Mwen an, ki ranje yon tab pou Gran Chans, ki plen tas ak diven mele pou Desten an;


Men sila ki touye yon bèf la, li tankou sila ki touye yon moun nan; sila ki fè sakrifis a yon jenn mouton an, li tankou yon moun ki kase kou a yon chen; sila ki fè ofrann sereyal la, li tankou sila ki ofri san kochon an; sila ki brile lansan an, li tankou sila ki fè beni yon zidòl la. Konsi yo te chwazi pwòp chemen pa yo, e nanm yo pran gwo plezi nan abominasyon yo.


Lakay Juda ak lakay a wa Juda yo va vin souye kon Topheth, akoz anwo twati a tout kay yo te brile sakrifis a tout lame syèl yo, e te vide bwason kon ofrann a lòt dye yo.”’”


Akoz li te pran pwostitiye li a kon yon bagay lejè, li te pouri peyi a e te fè adiltè ak wòch ak pyebwa.


Kaldeyen k ap goumen kont vil sa yo va antre mete dife nan tout vil sa a, e brile li, ak kay kote te gen ofrann lansan a Baal sou twati yo, e yo te vide ofrann bwason yo a lòt dye pou fè M fache.’”


“Èske Mwen p ap pini pèp sa a?” deklare SENYÈ a, “Sou yon nasyon konsa, èske Mwen p ap pran vanjans Mwen?


“Èske Mwen pa dwe pini pèp sa a,” deklare SENYÈ a: “Sou yon nasyon konsa, èske Mwen pa dwe pran vanjans?


Timoun yo ranmase bwa, papa yo mete dife ladann e fanm yo bat pat farin nan pou fè gato pou rèn syèl la. Yo vide ofrann bwason bay lòt dye yo pou yo ka vekse M.


Èske mwen p ap pini yo pou bagay sa yo?” deklare SENYÈ a. “Sou yon nasyon konsa, èske Mwen p ap pran vanjans?


“Pou nou menm, O lakay Israël,” deklare Senyè Bondye a: “Ale, nou chak sèvi zidòl pa nou; menm pi ta tou, si nou p ap koute M. Men nou p ap pwofane non sen M ankò ak ofrann ak zidòl nou yo.


Malè a sila ki di a yon mòso bwa: ‘Leve!”, a yon wòch ki pa ka pale: “Kanpe!” Èske se sila a ki ka enstwi? Men gade byen, li kouvri nèt ak lò ak ajan, e pa gen okenn souf ladann.


跟着我们:

广告


广告