Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Ezayi 53:5 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

5 Men Li te frennen, pèse nèt pou peche nou yo. Li te kraze pou inikite nou yo. Chatiman ki fè nou gen lapè a te tonbe sou Li, e se pa blesi Li yo, nou te jwenn gerizon.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

5 Men, se pou peche nou kifè yo te mete san l deyò konsa. Se akòz mechanste nou kifè yo te kraze l anba kou konsa. Chatiman ki te pou nou an se sou li li tonbe. Se konsa li ban nou kè poze. Avèk tout kou li te resevwa yo, li ban nou gerizon.

参见章节 复制




Ezayi 53:5
27 交叉引用  

Mwen va mete rayisman antre ou menm avèk fanm nan, e antre pitit ou ak pitit li. Li va kraze tèt ou, e ou va kraze talon li.”


konsa, Bondye fè l gras. Li di l: ‘Delivre li pou l pa rive nan fòs lanmò a, Mwen te twouve yon racha.’


O SENYÈ, Bondye mwen an, mwen te kriye a Ou menm, e Ou te geri mwen.


Kout fwèt ki blese fè disparèt mechanste; li frape rive nan pati pi fon yo.


“Pale ak dousè ak Jérusalem. Rele a li menm, ke konfli li fini an, ke inikite li retire a, ke li te resevwa nan men SENYÈ a doub pou tout peche li yo.”


Mwen te wè chemen li yo; malgre sa, M ap geri li; Mwen va mennen li e restore konsolasyon a li menm ak sila k ap lamante pou li.


Li te touche bouch mwen ak li, epi te di: “Men vwala, sa fin touche lèv ou; epi inikite pa ou retire e peche ou vin padone.”


“Swasann-dis semèn te òdone pou pèp ou ak vil sen ou an, pou fini ak transgresyon, pou mete fen a peche yo, pou rekonsilye inikite yo, pou mennen fè antre ladwati ki san fen, pou mete so sou vizyon ak pwofesi, e pou onksyone lye ki sen pase tout la.


“Leve, O nepe, kont bèje Mwen an, e kont nonm nan ki byen pre M,” deklare SENYÈ dèzame yo. Frape bèje a pou mouton yo ka gaye; epi Mwen va vire men M kont jenn ti piti yo.


Menm jan ke Fis a Lòm nan pa t vini pou fè lòt sèvi Li, men pou sèvi lòt yo, e pou bay vi li pou ranson vi a anpil lòt moun.”


Li menm ki te livre a lakwa a pou peche nou yo e te resisite pou jistifikasyon nou.


Paske mwen te livre a nou kon bagay ki pi enpòtan nan sa ke mwen osi te resevwa a, ke Kris la te mouri pou peche nou yo selon Ekriti sen yo,


Li te fè Sila ki pa t konnen okenn peche a devni peche pou nou menm, pou nou ta kapab devni ladwati Bondye nan Li menm.


Mache nan lanmou, jan Kris osi te renmen nou, e te bay tèt Li pou nou, kòm yon ofrann ak yon sakrifis a Bondye, kon yon pafen ki santi bon.


Byen konnen nan jou sa a, ke Mwen p ap pale avèk fis nou yo ki potko konnen e ki potko wè chatiman SENYÈ a, Bondye nou an,—grandè Li, men pwisans Li ak bra lonje Li a,


Pa volonte sila a, nou vin sanktifye pa ofrann a kò Jésus Kris la yon fwa pou tout.


Paske pa yon sèl ofrann, Li te vin rann pafè pou tout tan sila ki vin sen yo.


Malgre Li te yon Fis, Li te aprann obeyisans nan bagay ke Li te soufri yo.


konsa Kris tou, ki te ofri yon sèl fwa pou pote peche a anpil moun nan, va vin parèt yon dezyèm fwa pou pote sali, san referans a peche, pou sila k ap vrèman tann Li yo.


Paske Kris osi te mouri pou peche yo yon fwa pou tout, Li menm ki te jis pou enjis yo, pou Li ta kapab mennen nou kote Bondye, deja mò nan lachè, men fèt vivan nan lespri a.


跟着我们:

广告


广告