Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Ezayi 53:3 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

3 Li te meprize e abandone pa lòm; yon nonm ak gwo tristès ki te konnen gwo soufrans, ak tout maladi. Tankou yon moun de sila moun kache figi yo, Li te vin meprize, e nou pa t bay Li okenn valè.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

3 Nou pat gade l menm, tout moun te vire do ba li. Li te soufri anpil, li te tout tan nan gwo lapenn. Tout moun te vire tèt yo pou yo pa wè l. Nou pat okipe l, nou pat pran ka l menm.

参见章节 复制




Ezayi 53:3
38 交叉引用  

Men mwen aflije e mwen nan doulè. Ke delivrans Ou, O Bondye kapab plase mwen an sekirite an wo.


Mwen vin konte pami sila ki desann nan fòs yo. Mwen parèt tankou yon nonm san fòs,


Konsa pale SENYÈ a, Redanmtè Israël la ak Sila Ki Sen li an, a Sila ke lòm meprize a, a Sila ki rayi pa nasyon an, a Sèvitè a chèf yo: “Wa yo va wè e vin leve, Prens yo, anplis, va vin pwostène, akoz SENYÈ a, Sila ki fidèl la, Sila Ki Sen an Israël ki te chwazi Ou a.”


Mwen te bay do M a sila ki te vle frape Mwen yo, ak machwè M a sila ki t ap rache bab Mwen yo; Mwen pa t kouvri figi Mwen devan imilyasyon ak krache.


Menm jan ke anpil moun te etone de ou— konsa aparans Li te defòme plis ke tout lòt moun, e fòm li plis ke fis a lòm yo.


Men SENYÈ a te kontan brize Li; pou mete Li nan gwo soufrans, pou L ta rann Li menm kon yon ofrann koupabilite, pou L ta wè desandan Li yo. Li va pwolonje jou Li yo, e bon plezi SENYÈ a va reyisi nan men Li.


Anverite, se doulè nou yo Li te pote ak soufrans nou yo Li te chaje sou do L; men nou te rekonèt Li kon moun pini, frape pa Bondye e aflije.


Alò, rasanble nou an twoup lame, O fi a lame yo. Li fin fè syèj kont nou. Ak gwo baton, yo va frape jij Israël la sou machwè.


Epi mwen te koupe retire nèt twa bèje sila yo nan yon mwa, paske nanm mwen te pèdi pasyans avèk yo, e nanm pa yo te fatige avè m tou.


Epi yo krache nan figi Li, e te bat Li avèk kout pwen. Lòt yo te souflete L.


Yo te di l: “Mèt, nou sonje ke lè Li te vivan an ke twonpè sila a te di: ‘Apre twa jou, Mwen va leve ankò.’


“Byen gade, nou ap monte Jérusalem. Fis a Lòm nan va livre a chèf prèt yo avèk skrib yo. Yo va kondane Li a lanmò, e yo va livre li a payen yo.


Epi y ap moke L, krache sou Li, bay Li gwo kout fwèt, e touye L. Twa jou pita, L ap resisite.”


Li te di yo: “Nanm Mwen gen yon tristès pwofon; jis nan pwen pou M mouri. Rete la e veye toujou.”


Yo te kontinye bat tèt Li avèk yon wozo, yo te krache sou Li. Yo te mete yo ajenou, epi yo te bese devan Li.


Li te di yo: “Élie vrèman ap vini avan pou restore tout bagay. Men poukisa li ekri sou Fis a Lòm nan ke Li va soufri anpil bagay, e vin meprize?


Alò, Farizyen yo ki te renmen lajan anpil t ap koute tout bagay sa yo, e yo t ap moke L.


Lè l te pwoche Jérusalem Li te wè vil la e Li te komanse kriye sou li.


Yo te kòmanse ap ri sou Li, paske yo te konnen ke li te mouri.


Konsa Li te di: “Fis a Lòm nan va oblije soufri anpil bagay, e va rejte pa ansyen yo, ak chèf prèt yo, ak skrib yo. Li va vin touye, e va vin leve nan twazyèm jou a.”


Jésus te kriye.


Jwif yo te reponn e te di Li: “Èske nou pa di vrèman ke Ou se yon Samariten epi ke Ou gen yon move lespri?”


Men Israël te vin gra e te voye pye. Ou vin gra, gwo e swa. Li te abandone Bondye ki te fè l la, e li te meprize Wòch a delivrans li an.


Paske nou pa gen yon wo prèt ki pa gen senpati ak feblès nou yo, men youn ki te tante nan tout bagay tankou nou menm, men san peche.


Nan jou lachè Li yo, Li te ofri priyè, siplikasyon avèk gwo kriye ak dlo nan zye a Sila sèl ki ta kapab sove Li soti nan lanmò a, e Li, Bondye, te tande akoz de sentete Li.


跟着我们:

广告


广告