Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Ezayi 53:2 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

2 Paske Li te grandi devan nou kon yon boujon vèt, e tankou yon rasin ki sòti nan tè sèk. Li pa gen okenn bèlte nan fòm Li, ni majeste pou nou ta gade sou Li, ni aparans pou nou ta atire a Li.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

2 Li te grandi devan Bondye tankou yon ti plant ki tou fèb, tankou yon ti kreyòl ki pouse nan tè sèk. Li pat bèl gason, li pat gen anyen nan li ki pou ta fè nou vire gade l. Li pat sanble anyen ki ta ka fè nou kontan ret gade l.

参见章节 复制




Ezayi 53:2
22 交叉引用  

Yon boujon va vòltije soti nan chouk Jessé a e yon branch ki sòti nan rasin li, va bay anpil fwi.


Nan jou sa a, branch SENYÈ a va bèl, plen ak glwa, e fwi tè a va fè yo leve tèt yo wo akoz bèlte a tout retay Israël yo.


Menm jan ke anpil moun te etone de ou— konsa aparans Li te defòme plis ke tout lòt moun, e fòm li plis ke fis a lòm yo.


Paske yon pitit va ne a nou menm, yon fis va bay a nou menm; epi gouvènman an va rete sou zepòl Li. Non Li va rele Konseye Mèvèye, Bondye Pwisan an, Papa Etènèl la, Prens Lapè a.


“Gade byen, jou yo ap vini”, deklare SENYÈ a: “lè Mwen va fè leve pou lakay David, yon branch plen ladwati. Li va renye kon wa, aji ak sajès e fè jistis ak ladwati nan peyi a.


Alò koute, Josué, wo prèt la, ou menm ak zanmi ki chita devan ou yo—anverite, yo se moun ki sèvi kon yon sign. Paske gade byen, Mwen va fè parèt sèvitè Mwen an Scion an.


Epi di a li menm: ‘Konsa pale SENYÈ dèzame yo: “Gade byen, nonm ki gen non ki rele Scion an. Li va grandi soti kote Li ye a, e Li va bati tanp SENYÈ a.


Se pa chapant lan, fis Marie a, frè a Jacques, avèk Joses, ak Jude, ak Simon an? Se pa sè Li yo ki avèk nou? E yo te ofanse de Li.


Li te di yo: “Élie vrèman ap vini avan pou restore tout bagay. Men poukisa li ekri sou Fis a Lòm nan ke Li va soufri anpil bagay, e vin meprize?


Li te bay nesans a premye fis li, epi li te vlope Li nan twal pou nouvo ne yo. Li te mete Li nan yon manjwa, akoz ke pa t gen plas pou Li nan otèl la.


Jésus te di Li: “Rena yo gen twou yo, e zwazo yo gen nich yo, men Fis a Lòm nan pa gen kote pou poze tèt Li.”


Pou sa yo te kriye ankò e te di: “Pa mesye sila a, men lage Barabbas”. Alò, Barabbas te yon vòlè.


Konsa Jésus te vin parèt abiye avèk kouwòn pikan an ak gwo vètman mov la. Epi Pilate te di yo: “Gade nonm nan!”


Paske sa ke Lalwa a pa t kab fè akoz feblès li anvè lachè a, Bondye te fè l lè Li te voye pwòp Fis li menm nan imaj a chè peche a, kòm yon ofrann pou peche. Konsa, Li te kondane peche nan lachè,


oubyen a gouvènè ki voye pa Li menm yo pou pini malfektè yo e louwe sila ki fè byen yo.


跟着我们:

广告


广告