Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Ezayi 51:12 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

12 “Mwen, Mwen menm se Sila ki bannou konsolasyon an. Se kilès ou ye pou ou pè moun ki va mouri, ak fis a moun ki fèt tankou zèb la?

参见章节 复制

1998 Haïtienne

12 Senyè a di: — Se mwen menm k'ap ban nou kouray. Poukisa pou nou ta pè moun ki la pou mouri, moun ki gen pou pase tankou zèb nan savann?

参见章节 复制




Ezayi 51:12
37 交叉引用  

Zanj SENYÈ a te di a Élie: “Ale desann avèk li. Pa pè li.” Pou sa, li te leve e te desann avèk li kote wa a.


SENYÈ a pou mwen; mwen pa pè. Kisa lòm kab fè m?


Lespri li pa rete; li retounen nan tè a. Nan menm jou sa a, panse li yo vin peri.


Ke lè mechan yo te pouse tankou zèb la, e tout sa ki fè inikite t ap byen reyisi yo, se te pou yo ta kapab detwi jis pou tout tan.


Gen anpil moun k ap chache favè a sila ki gouvène a; men lajistis pou lòm va sòti nan SENYÈ a.


Gade byen, Bondye se delivrans mwen. Mwen va fè Li konfyans e mwen pa pè, paske SENYÈ BONDYE a se fòs mwen ak chan mwen; se Sila ki te devni sali mwen an.”


Sispann mete konfyans nan lòm; souf vi li se sèl nan nen l. Kisa li vo?


“Konsole, O konsole pèp Mwen an,” pale Bondye ou an.


Mwen menm, Mwen se Sila ki efase transgresyon ou yo, pou koz Mwen; e Mwen p ap sonje peche ou yo.


Rele fò ak jwa, O syèl yo! Rejwi, O latè! Eklate ak gwo kri lajwa, O mòn yo! Paske SENYÈ a te konsole pèp Li a. Li va gen konpasyon pou aflije Li yo.


Anverite, SENYÈ a te konsole Sion; Li te rekonfòte tout kote dezole li yo. Epi savann li yo te fèt sanble ak Éden, e dezè yo tankou jaden Senyè a. Lajwa ak kè kontan va twouve nan yo; remèsiman ak son melodi chanson.


Eklate, rele ak jwa ansanm, kote ki dezole Jérusalem yo, paske SENYÈ a te konsole pèp Li a. Li te rachte Jérusalem.


De kilès ou te pè e twouble a, ki fè w manti pou w pa sonje Mwen an, ni menm panse a Mwen an? Èske Mwen pa t rete an silans pou anpil tan ki fè ou pa gen lakrent Mwen an?


pou pwoklame lane gras SENYÈ a e jou a vanjans Bondye nou an; pou konsole tout moun ak kè ki tris,


Tankou yon timoun ki jwenn rekonfò a manman l, se konsa Mwen va rekonfòte nou; epi nan Jérusalem, nou va rekonfòte.”


“Ou pa dwe di: ‘Konplo’ de tout sa ke pèp sa a rele ‘konplo’ a. Ou pa pou pè sa ke yo menm pè a, ni etone pa li.


Epi Wa Sédécias te reponn a Jérémie: “Mwen krent Jwif ki te janbe kote Kaldeyen yo, paske yo kapab petèt livre mwen nan men yo, e yo va abize m.”


akoz Kaldeyen yo. Yo te krent yo, akoz Ismaël, fis a Nethania a, te touye Guedalia, fis a Achikam nan, ke wa Babylone nan te apwente sou peyi a.


Epi ou menm, fis a lòm, pa krent yo ni krent pawòl yo, malgre pikan ak zepin avèk ou, e malgre ou chita pami eskòpyon yo. Ni pa krent pawòl yo, ni twouble nan prezans yo, paske se yon kay rebèl ke yo ye.


Epi pa pè sa ki kapab touye kò a men ki pa ka touye nanm nan. Men pito pè sila ki kapab detwi ni nanm nan, ni kò a nan lanfè.


“Mwen p ap kite nou kon òfelen. M ap vin kote nou.


Donk legliz la nan tout Juda, Galilée, ak Samarie te vin gen lapè, e te vin fò. Yo te kontinye nan lakrent Senyè a, ak rekonfò Lespri Sen an, e te kontinye grandi.


Paske: “Tout chè tankou zèb, e tout laglwa li tankou flè zèb la. Zèb la fennen, e flè a vin tonbe,


Alò, Saül te di a Samuel: “Mwen te peche; Mwen te vrèman transgrese kòmand SENYÈ a e pawòl a ou menm yo; paske mwen te pè pèp la e mwen te koute vwa pa yo.


Lè Saül avèk tout Israël te tande pawòl a Filisten an, yo te sezi e pè anpil.


Konsa, li te kache bon tèt li devan yo e te aji tankou moun fou pandan li te nan men yo. Li te ekri pa aza yon bann mak sou pòtay avèk pòt yo e te kite krache desann sou bab li.


跟着我们:

广告


广告