Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Ezayi 5:7 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

7 Paske chan rezen SENYÈ dèzame yo se lakay Israël, e pèp Juda a se plant ki ba Li plezi a. Konsa, Li t ap chache jistis; men olye sa Li te jwenn san vèse; pou ladwati, men olye sa, moun k ap rele “Amwey”.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

7 Pèp Izrayèl la se li menm ki jaden rezen Senyè a, Bondye tout pouvwa a. Moun Jida yo se yo menm ki bon plan li te plante a. Bondye t'ap atann pou yo mache dwat: men yo lage kò yo nan fè san koule. Li t'ap atann pou yo fè lajistis, men nan tout peyi a se rèl malere ou tande.

参见章节 复制




Ezayi 5:7
47 交叉引用  

Li te di: “Kisa ou te fè la a? Vwa san a frè ou a ap rele ban Mwen sòti nan tè a.


Mwen va, osi, etabli yon plas pou pèp Mwen an, Israël. Mwen va plante yo, pou yo kab viv nan pwòp plas yo e pou yo pa vin deranje ankò, ni pou mechan pa aflije yo ankò tankou lontan,


akoz yo te fè kri a malere a rive kote Li. Li te tande kri a aflije yo.


SENYÈ a bay favè a sila ki krent Li yo, sila ki tann lanmou dous Li yo.


Paske SENYÈ a pran plezi nan pèp Li a. Li va anbeli enb yo avèk sali Li.


Menm boujon ke men dwat Ou te plante a, e branch ke Ou te bay fòs pou Ou menm nan.


SENYÈ a te di: “Mwen vrèman te wè soufrans a pèp Mwen an ki an Égypte la, e Mwen te reponn a kri pa yo, akoz sila yo k ap peze yo, paske Mwen konnen soufrans yo.


Sila ki fèmen zòrèy li a kri aflije a, va vin kriye pou kont li, men li p ap jwenn repons.


Konsa, mwen te gade ankò sou tout zèv k ap oprime moun anba solèy la. Epi gade byen, mwen te wè dlo nan zye a oprime yo, e yo pa t jwenn pèsòn pou bay yo soulajman. Sou kote a sila ki t ap oprime yo, te gen gwo pouvwa; men, yo pa t jwenn pèsòn pou bay yo soulajman.


A la ou bèl e a la ou mèvèye, ak tout bèlte ou yo!


Gade vil fidèl la vin devni yon pwostitiye! Sila ki te konn plen ak jistis la! Nan yon lè, ladwati te rete nan li, men koulye a, se asasen yo ye.


Depi nan pla pye jis rive nan tèt, nanpwen anyen ak sante ladann, sèlman kote ki brize, ak maleng ak blese. Yo pa pran swen, ni panse, ni soulaje l ak lwil.


Nan jou sa a, chante pou li "Yon bèl chan rezen!


SENYÈ a antre nan jijman ak ansyen ak prens a pèp Li a. “Se nou ki te devore chan rezen an; piyaj malere a fèt anndan lakay nou.


Se kilès ki bannou dwa pou kraze pèp Mwen an, e foule figi malere yo?” SENYÈ dèzame yo pale.


Pou sa, SENYÈ a va aflije tèt fi a Sion yo ak kal, e SENYÈ a va fè tèt yo chòv.”


Akoz sa, konsa pale Sila Ki Sen an Israël la: “Akoz nou te rejte pawòl sa a, e te mete konfyans nou nan opresyon ak desepsyon, e te depann de yo,


Koute Mwen, nou menm, moun tèt di, ki lwen ladwati yo!


Li te fouye toupatou li, retire wòch li yo, e te plante li avèk pye rezen pi chwazi a. Li te bati yon fò nan mitan l, e te fouye yon basen diven ladann. Alò, li te sipoze pou l ta pwodwi bon rezen yo, men li te pwodwi sèlman sa ki pa bon.


Nou fè rebèl e nou nye SENYÈ a. Nou vire kite Bondye nou an, ak pawòl opresyon ak rebèl. Nan kè a, nou fòmante e fè vin parèt pawòl manti.


Lajistis vin detounen e ladwati vin kanpe byen lwen. Paske verite a fin glise tonbe nan lari e ladwati p ap ka antre.


Nanpwen moun ki fè pwosè ak dwati, ni ki fè plent ak entegrite. Yo mete konfyans nan vanite, e yo pale manti. Yo simen mal e yo rekòlte mechanste.


Paske menm jan ke yon jennonm marye ak yon vyèj, konsa fis ou yo va marye avèk ou; epi menm jan jennonm maryaj la ap rejwi ak jenn fi maryaj la, konsa Bondye ou a va rejwi ak ou.


Anpil bèje fin gate chan rezen Mwen yo. Yo te foule chan Mwen an anba pye; yo te fè bèl chan Mwen an vin yon savann dezole.


Yon panyen te gen bon fig etranje yo, tankou nan premye rekòlt yo, e lòt panyen an te gen move fig ki pa t ka manje akoz yo te pouri.


Latè vin souke ak gwo kri “Babylone te vin pran!” E gwo kri sa a vin tande pami nasyon yo.


Pèp peyi a te pratike opresyon ak vòl, yo te vòlè malere ak endijan yo, e te oprime sila ki rete pami yo san jistis.


Israël se yon pye rezen byen fètil; li pwodwi fwi pou pwòp tèt li. Selon kantite fwi li te genyen, li te miltipliye lotèl li yo. Selon bonte a peyi yo a, yo te fè pilye sakre.


Paske moun rich li yo plen vyolans. Rezidan li yo fè manti, e lang yo twonpe soti nan bouch yo.


Li te montre ou, O lòm, sa ki bon. Ki sa SENYÈ a egzije de ou? Sèl pou fè sa ki jis, renmen Mizerikòd, e mache nan imilite ak Bondye ou a?


Poukisa Ou fè m wè inikite, e Ou gade sou tout mechanste yo? Wi, se destriksyon ak vyolans ki devan mwen; gwo konfli ak kont k ap leve toupatou.


SENYÈ a, Bondye ou a nan mitan ou; yon plen pwisans ki va sove a. Li va rejwi sou ou avèk jwa. Li va fè ou vin kalm ak lanmou Li. Li va chante fè fèt lajwa sou ou.


“Malè a nou menm, Skrib ak Farizyen yo, ipokrit! Paske nou bay ladim nan mant, ani, avèk pèsi (yon kalite epis) men nou neglije pòsyon Lalwa ki pote plis pwa yo; lajistis, mizerikòd, ak fidelite. Men bagay sa yo nou dwe fè yo san neglije lòt yo.


Alò, èske Bondye p ap fè jistis pousila Li chwazi yo, ki kriye a Li lajounen kon lannwit, epi èske Li vafè anpil reta sou yo?


Chak branch nan Mwen ki pa pote fwi, Li retire. E chak branch ki pote fwi, li taye pou l pote plis fwi.


“Fè atansyon pou nou pa vin gen yon lide mechan nan kè nou ki di: ‘Setyèm ane a, lane pou remisyon an prè;’ epi zye nou vin move kont frè nou ki malere a, pou nou pa ba li anyen. Alò, konsa li kab kriye a SENYÈ a kont nou, epi sa va peche nan nou.


Veye salè a ouvriye ki te rekòlte chan nou yo ke nou te refize vèse bay, vin kriye kont nou; epi kri a ouvriye mwason sa yo gen tan rive nan zòrèy a Senyè Sabaot la.


跟着我们:

广告


广告