Paske li te di: “Ak pouvwa men m ak sajès mwen, mwen te fè sa a, paske mwen gen konprann. Mwen te retire bòn a tout pèp la, mwen te piyaje tout byen yo, e tankou yon nonm pwisan, mwen te ranvèse chèf yo.
Ou te santi ou te byen pwoteje nan mechanste ou e ou te di: ‘Pèsòn pa wè m’. Sajès ou ak konesans ou, yo fin chape kite ou; paske nan kè ou, ou te di: ‘Se mwen menm e nanpwen lòt sof ke mwen’.
Paske mwen pa vle nou, frè m yo, manke konprann mistè sila apouke ou vin sipoze ou plen ak sajès. Yon tèt di nan yon pati gen tan pran Israël jiskaske tout pèp etranje yo fin antre.