Ezayi 5:12 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen12 Gwo fèt pa yo akonpanye ak jwe gita ak ap, tanbouren, flit ak diven; men yo pa okipe zèv SENYÈ yo, ni yo pa konsidere zèv men Li yo. 参见章节1998 Haïtienne12 Lè y'ap fè fèt, se pou gen gita, bandjo, tanbou, flit ak barik kleren an la. Men yo pa chache konprann travay Senyè a, ni yo pa wè sa l'ap fè. 参见章节 |
Mwen menm, koulye a, mwen nan katre-ventan daj. Èske mwen kapab distenge antre sa ki bon ak sa ki mal? Oswa èske sèvitè ou a kapab goute sa ke m manje, oswa sa ke m bwè? Oswa èske mwen kapab ankò tande vwa lè gason ak fi ap chante? Alò, poukisa sèvitè ou ta dwe devni yon chaj anplis a mèt mwen an, wa a?
men ou te egzalte tèt ou kont Senyè syèl la. Konsa, yo te mennen veso lakay Li yo devan ou e ou menm ak prens ou yo, madanm ou yo, ak ti mennaj ou yo t ap bwè diven nan yo. Ou te bay lwanj a dye a ajan, lò, bwonz, fè, bwa, ak wòch yo, ki pa wè, tande, ni konprann. Men Bondye, nan men a Sila souf lavi ou ye a, pou Sila tout chemen ou yo ye a, ou pa t bay Li glwa.