Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Ezayi 48:2 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

2 Paske yo rele tèt yo menm jan ak vil sen an e yo depann sou Bondye Israël la; SENYÈ dèzame se non Li.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

2 Nou cho konsa pou nou di se moun lavil Jerizalèm, lavil Bondye a, nou ye. Se sou Bondye pèp Izrayèl la n'ap mete tout espwa nou, li menm yo rele Senyè ki gen tout pouvwa a.

参见章节 复制




Ezayi 48:2
25 交叉引用  

Alò, chèf a pèp yo te rete Jérusalem, men rès pèp la te tire osò pou fè youn nan dis Izrayelit andeyò yo vin rete Jérusalem, nan vil sen an, pandan nèf sou dis te rete nan lòt vil yo.


Tout Levit yo nèt nan lavil sen an se te de-san-katre-ven-kat.


Gran se Bondye e gran se lwanj Li merite a, nan Jérusalem, vil Bondye nou an, mòn sen pa Li a.


Yo pale sou gran mèvèy ou, O gran vil Bondye. Tan


Alò nan jou sa a, retay Israël la ak sila lakay Jacob ki te chape yo p ap janm depann de sila ki te frape yo, men va anverite depann de SENYÈ a, Sila ki sen an Israël la.


Redanmtè nou an, SENYÈ dèzame yo se non Li, Sila Ki Sen an Israël la.


Èske ou te bliye SENYÈ a, Kreyatè ou a, ki te rale ouvri syèl yo e te poze fondasyon latè yo? Eske nou krent tout jounen akoz kòlè opresè a, pandan l ap prepare pou detwi? Men ki kote kòlè opresè sila a?


Paske Mwen se SENYÈ Bondye ou a, ki fè boulvèse lanmè a, Ki fè lanm li yo gwonde. SENYÈ dèzame yo se non Li.


Leve, leve! Abiye ou menm ak fòs ou, O Sion. Abiye ak bèl vètman ou yo, O Jérusalem, vil sen an; paske ensikonsi yo ak pa pwòp yo p ap antre kote ou a ankò.


Pòsyon ki pou Jacob la pa konsa; paske Kreyatè a tout bagay se Li menm; e Israël se tribi eritaj Li. SENYÈ dèzame yo se non Li.


Souple, mande a SENYÈ a pou nou menm, paske Nebucadnetsar, wa Babylone nan ap fè lagè kont nou. Petèt SENYÈ a va aji avèk nou selon zèv mèvèy Li yo, pou lènmi an rete kò l sou nou.


“Sepandan, tande pawòl SENYÈ a, tout moun Juda ki rete nan peyi Égypte la: ‘Gade byen, Mwen te sèmante pa gran non Mwen,’ SENYÈ a di: ‘Pinga non Mwen janm nome ankò nan bouch a okenn moun Juda nan tout peyi Égypte la, pou ta di: “Jan Senyè BONDYE a viv la.”


“Swasann-dis semèn te òdone pou pèp ou ak vil sen ou an, pou fini ak transgresyon, pou mete fen a peche yo, pou rekonsilye inikite yo, pou mennen fè antre ladwati ki san fen, pou mete so sou vizyon ak pwofesi, e pou onksyone lye ki sen pase tout la.


Chèf li yo fè jijman pou jwenn sa ki glise anba tab, e prèt li yo enstwi pou kòb, pandan pwofèt li yo ap pwofetize pou lajan. Malgre sa, yo apiye sou SENYÈ a. Yo di: “Se pa SENYÈ a ki nan mitan nou? Okenn malè p ap rive sou nou.”


Yo te sòti nan tonm yo lè Li te fin resisite e te antre nan vil sen an kote yo te parèt a anpil moun.


Apre sa, Satan te mennen Li antre nan vil sen, Jérusalem nan. Li te fè L kanpe sou pi wo pwent tanp lan.


Men si nou pote tit “Jwif”, depann de Lalwa, e vante tèt nou nan Bondye,


Kite gran lakou ki deyò tanp lan. Pa mezire l, paske li te bay a nasyon yo. Konsa, yo va foule vil sen an anba pye yo pandan karant-de mwa.


Mwen te wè vil sen an, Jérusalem tounèf la, desann sòti nan syèl la kote Bondye. Li te prepare tankou yon lamarye ki abiye pou mari li.


Epi si yon moun retire nan pawòl a liv pwofesi sila a, Bondye va retire pati pa l nan pyebwa lavi ak vil sen an ki ekri nan liv sila a.


Konsa, Mica te di: “Koulye a, mwen konnen ke SENYÈ a va fè m reyisi; paske mwen gen yon Levit kòm prèt.”


跟着我们:

广告


广告